4 Lanmou [~6~]pasyan, lanmou dous; li pa jalou. Lanmou pa vante tèt li e li pa awogan. 5 Li pa aji malonètman, ni li pa chache pwòp enterè pa l. Li pa fè kòlè [~7~]pa teni kont de mal li resevwa. 6 Li pa rejwi nan lenjistis, men [~8~]rejwi nan verite a. 7 Li [~9~]sipòte tout bagay, kwè tout bagay, espere tout bagay, andire tout bagay.
8 Lanmou pa janm echwe. Si gen don [~10~]pwofesi, y ap vin disparèt. Si gen don [~11~]lang, yo va fini. Si gen konesans, li va disparèt. 9 Paske nou [~12~]konnen yon ti pati e nou pwofetize yon ti pati; 10 men lè sa ki pafè a vini, sa ki poko konplè a va disparèt. 11 Lè m te timoun, mwen te konn pale tankou yon timoun, panse tankou yon timoun, rezone tankou yon timoun. Lè m te vin gran, mwen te kite bagay timoun yo. 12 Paske koulye a nou wè twoub, konsi nan yon glas, men answit nou va wè [~13~]fasafas. Koulye a m konnen yon ti pati, men answit, mwen va konnen tout bagay menm jan ke Bondye konnen tout bagay de mwen an. 13 Men koulye a, lafwa, lesperans, ak lanmou; rete twa bagay sa yo. Men pi gran nan bagay sa yo, se [~14~]lanmou.
<- 1 Korentyen 121 Korentyen 14 ->✡13:2 I Kor 12:10,28,30; I Kor 13:2
✡13:6 II Jn 4