10 Konsa [~11~]mwen byen kontan avèk feblès yo, avèk ensilt yo, avèk twoub yo, avèk pèsekisyon yo, avèk difikilte yo, pou koz a Kris. Paske lè m fèb, se nan moman sa a ke m gen fòs. 11 Koulye a, mwen te gen tan vin fou. Nou menm, nou te fòse m fè sa. Anverite, mwen ta dwe felisite pa nou menm, paske [~12~]nan okenn jan, mwen pa t enferyè de apot pi wo yo, malgre [~13~]mwen menm, mwen pa anyen. 12 [~14~]Sign a yon vrè apot te fèt pami nou avèk tout pèseverans, pa sign, mèvèy ansanm ak mirak yo. 13 Paske nan ki sans nou te trete kòm enferyè a rès legliz yo, eksepte mwen menm, m pa t vin yon chaj pou nou? Padone mwen pou [~15~]mal sa a.
14 Sa fè pou [~16~]yon twazyèm fwa ke m prè pou vin kote nou, e mwen p ap yon chaj pou nou; paske mwen p ap chèche sa ke nou posede, men kè nou menm. Paske se pa Timoun yo ki responsab pou ekonomize pou paran yo, men paran yo pou timoun yo. 15 Mwen va avèk kè kontan depanse e konsakre m pou nanm nou. [~17~]Si m renmen nou plis konsa, èske nou dwe renmen m mwens? 16 Men malgre jan sa kapab ye a [~18~]mwen menm, mwen pa t mete chaj tèt mwen bannou. Sepandan, nonm malen ke mwen ye, mwen te vin pran nou pa riz. 17 [~19~]Éske mwen te pran avantaj sou nou, swa fè kòb sou nou atravè okenn nan sila ke mwen te voye bannou yo? 18 Mwen [~20~]te ankouraje Tite pou ale, e mwen te voye [~21~]frè a avèk li. Éske Tite te pran okenn avantaj sou nou? Èske nou pa t kondwi tèt nou nan menm lespri a e mache sou menm pa yo?
19 Èske ou kwè ke n ap sèlman fè eskiz pwòp tèt nou devan nou menm. Anverite [~22~]se te devan zye Bondye ke nou pale an Kris la. Men nou fè tout sa [~23~]pou edifikasyon nou, byeneme yo. 20 Paske mwen pè ke petèt lè m vin kote nou, pou mwen pa twouve nou jan mwen swete l la, e pou nou pa jwenn mwen jan nou swete l la; pou petèt kapab genyen kont, jalouzi [~24~]move jan, dispit, kout lang [~25~]tripotay, awogans, ak tapaj. 21 Mwen pè ke lè m vini ankò pou Bondye mwen an pa rabese m devan nou, e pou mwen pa gen tristès pou anpil nan sila ki [~26~]te peche nan tan pase yo e ki pa t repanti de [~27~]salte, imoralite, ak sansyalite ke yo te fè yo.
<- II Korentyen Yo 11II Korentyen Yo 13 ->