Languages

1 Konsa, ou menm, fis mwen an [~1~]se pou ou dyanm nan gras ki nan Kris Jésus a. 2 Bagay [~2~]ke ou te tande de mwen nan prezans a anpil temwen yo, konfye yo a moun ki fidèl, ki kapab osi enstwi lòt yo.

3 [~3~]Soufri difikilte avèk mwen, tankou yon bon sòlda a Kris Jésus. 4 Nanpwen sòlda an sèvis ki [~4~]mele tèt li nan zafè lavi kotidyèn, pou li kapab fè plezi a sila ki te enskri li kòm sòlda a.

5 Osi, si yon moun nan [~5~]konpetisyon nan spò, li p ap genyen pri a amwenske li fè konpetisyon an selon règ yo.

6 [~6~]Kiltivatè ki travay di a ta dwe premyè pou resevwa pòsyon pa l nan rekòlt la.

7 Konsidere sa ke m di a, paske Senyè a va ba ou bon konprann nan tout bagay.

8 Sonje Jésus Kri [~7~]leve soti nan lanmò, desandan a David la, selon levanjil mwen an. 9 Pou li menm, mwen [~8~]soufri difikilte, menm anprizone kòm yon kriminèl; men pawòl Bondye a pa anprizone. 10 Pou rezon sa a, mwen andire tout bagay, pou [~9~]koz a sila ki te chwazi yo, pou yo kapab osi vin jwenn sali ki nan Kris Jésus a e avèk li, laglwa etènèl.

11 “Sa se yon vrè pawòl:

Paske [~10~]si nou te mouri avèk Li,
nou va osi viv avèk Li.
12 Si nou andire,
nou va osi renye avèk Li.
Si nou [~11~]rejte Li,
Li tou va rejte nou.
13 Si nou pa fidèl
[~12~]Li rete fidèl;
paske Li pa kapab nye pwòp tèt Li.”

14 Fè yo sonje bagay sa yo, e[~13~]anchaje yo solanèlman nan prezans a Bondye pou yo pa [~14~]goumen sou pawòl yo, ki initil e ki mennen nan destriksyon sila k ap tande yo. 15 Se pou ou dilijan pou [~15~]prezante tèt ou apwouve bay Bondye, kòm yon ouvriye ki pa bezwen wont, ki livre byen klè pawòl verite a.

16 Men evite [~16~]pale pawòl anven a mond sa a, paske l ap fè nou soti lwen lafwa Bondye a.

17 Epi pawòl sa yo va gaye tankou pwazon nan san. Pami yo, [~17~]Hyménée ak Philète: 18 Moun ki te egare kite verite yo nan di ke [~18~]rezirèksyon an gen tan fèt deja a, e konsa yo te boulvèse lafwa a kèk moun.

19 Malgre [~19~]fondasyon Bondye a kanpe byen fèm, e li gen so sila a sou li: “Senyè a konnen sila ki pou Li yo”, epi: “Ke tout moun ki nonmen non Senyè a rete lwen mechanste.”

20 Alò, nan yon gran mezon, pa gen sèlman veso an lò ak lajan, men osi veso an bwa ak kanari. [~20~]Yon pati pou onore e yon pati pou dezonore. 21 Konsa, si yon nonm netwaye tèt li de [~21~]bagay sa yo, li va yon veso lonè, sanktifye, itil pou Mèt la, prepare pou tout bon zèv.

22 Alò, sove kite move dezi a jenès yo; men pouswiv ladwati, lafwa, lanmou ak lapè, avèk sila ki rele non Senyè yo [~22~]avèk yon kè ki san tach. 23 Men refize diskisyon ki sòt e san bon rezon yo, paske ou konnen ke y ap [~23~]prodwi konfli.

24 Yon sèvitè-atache nèt a Senyè a pa dwe renmen fè kont, men se pou li janti ak tout moun, avèk [~24~]yon kapasite pou l enstwi e pasyan lè yo fè li lenjistis, 25 avèk dousè, korije sila ki nan opozisyon yo, pou [~25~]si petèt Bondye kapab bay yo repantans k ap mennen yo a [~26~]konesans verite a, 26 pou yo kapab twouve bon sans pa yo, pou chape anba [~27~]pèlen a Dyab la, ki kenbe yo kaptif pou fè volonte l.

<- II Timothée 1II Timothée 3 ->