1 [~1~]Zanfan yo, obeyi a paran nou nan Senyè a, paske se sa ki bon. 2 [~2~]Onore Papa ou ak manman ou, ki se premye kòmandman ki vini avèk yon pwomès; 3 pou li kapab ale byen avèk ou, e pou ou kapab viv anpil tan sou latè.
4 Papa yo, pa pwovoke pitit nou yo a lakòlè, men [~3~]elve yo nan disiplin ak enstriksyon a Senyè a.
5 [~4~]Esklav yo, se pou nou obeyisan a sila ki mèt nou yo selon lachè, avèk lakrent ak tranbleman, nan senserite a kè nou, tankou a Kris la menm, 6 pa sèlman devan zye, kòmsi [~5~]pou fè moun plezi, men kòm esklav a Kris k ap fè tout volonte Bondye ki soti nan kè a. 7 Avèk bòn volonte, rann sèvis [~6~]tankou a Senyè a, e pa a lòm 8 nan konesans ke [~7~]nenpòt bon bagay yon moun fè, li va resevwa sa a soti nan Senyè a, kit li esklav kit li lib.
9 Epi mèt yo, fè menm bagay yo pou yo. Sispann menase yo, lòske nou konprann ke [~8~]ni Mèt pa yo a ak pa nou an se nan syèl la, epi devan Li pa gen patipri.
10 Anfen [~9~]se pou nou vin fò nan Senyè a ak nan [~10~]fòs a pouvwa Li. 11 [~11~]Mete tout pwotèj Bondye a sou nou pou nou kapab kanpe fèm kont tout riz Satan yo. 12 Paske lit nou an pa kont [~12~]lachè ak san, men kont wayòm yo, kont pouvwa yo, kont fòs mondyal a tenèb sila a, kont fòs lespri mechan yo nan lye selès yo. 13 Konsa, se pou nou pran tout pwotèj a Bondye a nèt pou nou kapab [~13~]reziste nan move jou a, epi lè nou fin fè tout bagay, pou nou kanpe fèm. 14 Konsa, kanpe fèm, kòmsi nou te fin [~14~]kouvri ren nou avèk Verite a, e mete sou lestomak la [~15~]pwotèj ladwati a. 15 Konsa, [~16~]abiye pye nou avèk preparasyon levanjil lapè a, 16 e anplis de tout bagay, pran [~17~]boukliye lafwa a pou nou kapab etenn tout flèch dife a Mechan an. 17 Epi pran [~18~]kas Sali a ak [~19~]nepe Lespri a, ki se pawòl Bondye a. 18 Avèk tout [~20~]lapriyè ak siplikasyon, priye nan Lespri a tout tan, e avèk tout sa an konsiderasyon, rete vijilan avèk tout pèseverans ak siplikasyon pou tout fidèl yo. 19 [~21~]Priye pou mwen, pou mo yo va bay a mwen menm, pou lè m ouvri bouch mwen, mwen kapab fè konnen avèk kouraj, mistè a levanjil la, 20 pou sila ke mwen se yon [~22~]anbasadè anchene; pou nan pwoklame li, mwen kab pale avèk kouraj, jan mwen ta dwe pale a.
21 [~23~]Men pou nou menm osi kapab konnen sikonstans mwen yo, jan mwen ye, Tychique, frè byeneme e sèvitè fidèl nan Senyè a, va fè nou konnen tout bagay. 22 Mwen te voye li kote nou pou bi sa a menm, pou nou ta kapab konnen sikonstans nou menm, e pou Li ta kapab [~24~]rekonfòte kè nou.
23 Lapè avèk frè nou yo, e [~25~]lanmou avèk lafwa, ki soti nan Bondye, Papa a, ak Senyè a Jésus Kri. 24 Lagras avèk tout sila yo ki renmen Senyè nou an, Jésus Kri, avèk yon lanmou ki p ap janm varye. Amen.
<- Efezyen Yo 5