6 “Epi gade byen, Mwen menm te nonmen ansanm avèk li [~3~]Oholiab, fis Ahisamach la, nan tribi Dan lan; epi osi nan kè tout moun ki ranpli avèk kapasite, Mwen te mete kapasite sa a, pou yo ta kapab fè tout sa ke M te kòmande ou yo: 7 “Pou [~4~]tant reyinyon an, lach temwayaj la, chèz pwopyatwa a sou li, ak tout mèb tant lan, 8 tab la osi avèk tout bagay itil li yo,[~5~] chandelye an lò pi avèk tout bagay itil li yo, ak lotèl lansan an, 9 [~6~]lotèl ofrann ki brile yo, osi avèk tout bagay itil li yo, e basen lave a avèk baz li, 10 epi vètman [~7~]tise yo tou, vètman sen pou Aaron yo, prèt la, ak vètman pou fis li yo, pou ranpli kapasite prèt la; 11 [~8~]lwil onksyon an osi, ak lansan santi bon pou lye sen an,. Yo va fèt selon tout sa ke M te kòmande ou yo.”
12 SENYÈ a te pale avèk Moïse. Li te di: 13 “Men pou ou menm, pale a fis Israël yo, e di: [~9~]‘Nou va vrèman obsève Saba Mwen yo; paske sa se yon sign antre Mwen ak nou pandan tout jenerasyon pa nou yo, pou nou kapab konnen ke Mwen se SENYÈ ki fè nou sen an.
14 “ ‘Pou sa, nou gen pou obsève Saba a, paske li sen pou nou. [~10~]Tout sila ki vyole li yo va vrèman vin mete a lanmò; paske nenpòt moun ki fè okenn travay nan li, moun sa a va koupe retire de pèp li yo.
15 [~11~]“ ‘Pandan sis jou nou kapab travay, men nan setyèm jou a, gen yon Saba repo konplè, ki sen a SENYÈ a. [~12~]Nenpòt moun ki fè okenn travay nan jou sa a va vrèman vin mete a lanmò. 16 Konsa, fis Israël yo va obsève Saba a, pou selebre Saba a pandan tout jenerasyon pa yo kòm yon akò ki p ap janm sispann. 17 Li se yon sign antre Mwen avèk fis Israël yo pou tout tan; [~13~]paske nan sis jou SENYÈ a te fè syèl la avèk tè a, men nan setyèm jou a Li te pran repo, e Li te vin rafrechi Li.’ ”
18 “Lè Li te fin pale avèk li sou Mòn Sinai a, Li te bay Moïse de [~14~]tablèt temwayaj la. Tablèt yo te fèt an wòch, e yo te ekri pa dwèt SENYÈ a.”
<- Egzòd 30Egzòd 32 ->