Languages

1 Moïse te di: “Men kisa si yo pa kwè m, ni [~1~]koute sa ke mwen di a?” Paske yo ka petèt di: “SENYÈ a pa t parèt kote ou.”

2 SENYÈ a te di li: “Kisa sa ye nan men ou la a?”

Epi li te di: “[~2~]Yon baton.”

3 Li te di: “Jete l atè.”

Moïse te jete l atè, e [~3~]li te vin tounen yon sèpan; epi Moïse te kouri kite l.

4 Men SENYÈ a te di a Moïse: “Lonje men ou e kenbe l nan ke l.”

Li te lonje men l, li te kenbe l nan ke l, e li te tounen yon baton nan men li.

5 “Pou [~4~]yo ta kapab kwè ke SENYÈ a, Bondye Abraham nan, Bondye Isaac la, ak Bondye Jacob la te parèt a ou.”

6 SENYÈ a anplis te di l: “Alò, fouye men ou antre kot kè ou.” Konsa, li te mete men l anndan sou kè li, e lè l te rale l deyò, li te devni [~5~]lèp tankou lanèj.

7 Li te di l: “Mete men ou antre kot kè ou ankò.” Li te mete men l antre kot kè l ankò, e lè l te rale l, konsa, [~6~]li te vin nèf tankou rès chè li.

8 “Si yo pa kwè ou ni resevwa temwayaj premye sign lan, yo ka petèt kwè temwayaj dènye sign lan. 9 Men si yo pa kwè menm de sign sa yo ni koute sa ou di a, alò, ou va pran kèk dlo nan lariviyè Nil lan, e vide li sou tè sèch la; epi dlo ke ou pran nan Nil lan [~7~]va vin tounen san sou tè sèch la.”

10 Moïse te di a SENYÈ a: “Souple, SENYÈ, [~8~]mwen pa t janm yon moun ki fò nan pale, ni nan tan sa a, ni nan tan pase, ni depi Ou te pale a Sèvitè ou a, paske mwen lan nan pale, e mwen lan nan langaj.”

11 SENYÈ a te di li: “Kilès ki te fè bouch a lòm? Oswa [~9~]kilès ki te fè l bebe, (oswa) soud, oswa pou l wè oswa pou li pa wè. Èske se pa Mwen, SENYÈ a? 12 Alò ale, e Mwen menm, Mwen va avèk bouch ou, pou [~10~]enstwi ou nan kisa ou gen pou di.”

13 Men li te di: “Souple, Senyè, koulye a voye mesaj la pa nenpòt lòt moun ke ou pito.”

14 Konsa, lakòlè SENYÈ a te brile kont Moïse, e Li te di: “Èske pa gen frè ou a, Aaron, Levit la? Mwen konnen ke li konn pale avèk fasilite. E anplis de sa, gade, [~11~]l ap vin rankontre ou. Lè li wè ou, kè li va kontan.

15 “Ou gen pou pale avèk li, e [~12~]mete pawòl yo nan bouch li. Mwen va avèk bouch pa w ak bouch pa l, e Mwen va enstwi ou kisa ou gen pou fè. 16 “Anplis de sa, [~13~]li va pale a pèp la pou ou. Li va tankou bouch ou, e ou va tankou Bondye pou li. 17 Ou va pran nan men ou baton sila a; [~14~]avèk li ou va fè sign yo.”

18 Konsa, Moïse te pati e te retounen vè Jéthro, [~15~]bòpè li a. Li te di li: “Souple, kite mwen ale pou mwen kapab retounen bò kote frè m yo an Égypte, pou wè si yo toujou vivan.”

Jéthro te di a Moïse: “Ale anpè.”

19 Alò SENYÈ a te di a Moïse nan Madian: “Ale retounen an Égypte, paske [~16~]tout mesye ki t ap chache lavi ou yo gen tan mouri.”

20 Moïse te pran madanm li avèk [~17~]fis li yo; yo te monte sou yon bourik e yo te retounen nan peyi Égypte la. Anplis, Moïse te pran baton Bondye a nan men l. 21 SENYÈ a te di a Moïse: “Lè ou retounen an Égypte, fè byen si ke ou fè tout [~18~]mèvèy yo devan Farawon ke M te bay ou pouvwa fè yo. Men Mwen va fè kè l di pou li pa kite pèp la ale. 22 Ou va di a Farawon: ‘Men kijan SENYÈ a pale: [~19~]Israël se fis Mwen, premye ne Mwen an. 23 Epi Mwen te di ou: Kite fis Mwen an ale pou l kapab sèvi M, men ou te refize kite l ale. Gade byen, [~20~]Mwen va touye fis ou a, premye ne pa w la.’ ”

24 Alò li te vin rive ke nan plas lojman an sou wout la SENYÈ a te rankontre Moïse e Li te [~21~]chache touye li. 25 Konsa, Séphora te pran yon [~22~]kouto wòch silèks, li te koupe prepis a fis li a; li te jete li devan pye a Moïse, e te di li: “Ou vrèman se yon mari pa san pou mwen menm.” 26 Epi li te kite li anpè. Nan moman sa a, li te di: “Ou se yon mari pa san —akoz sikonsizyon an.”

27 [~23~]Alò SENYÈ a te di a Aaron: “Ale rankontre Moïse nan dezè a.” Konsa li te ale rankontre li nan mòn Bondye a e te bo li. 28 [~24~]Moïse te di Aaron tout pawòl ke SENYÈ a te voye avèk li a, ak [~25~]tout sign ke Li te bay li lòd fè yo.

29 Alò, Moïse avèk Aaron te ale e [~26~]te reyini tout ansyen nan fis Israël yo. 30 Konsa, Aaron te pale tout mo ke SENYÈ a te pale bay Moïse yo. Epi li te fè tout [~27~]sign yo devan zye a pèp la. 31 Alò [~28~]pèp la te vin kwè, lè yo te tande ke SENYÈ a te gen kè pou fis Israël yo, e ke Li te vin wè afliksyon yo. Yo te bese ba, pou te adore Li.

<- Egzòd 3Egzòd 5 ->