8 “ ‘Konsa pale Senyè BONDYE a: “Akoz [~6~]Moab ak Séir di: ‘Gade byen, lakay Juda a tankou tout nasyon yo,’ 9 pou sa, gade byen, Mwen prive vil li yo de pòsyon bò kote yo, vil ki sou fwontyè li yo, ki se glwa a tout peyi a; [~7~]Beth-Jeschimoth Baal-Meon, ak Kirjathaïm, 10 epi Mwen va bay li kon posesyon ansanm avèk [~8~]fis a Ammon yo bay fis a lès yo, pou fis a Ammon pa vin sonje menm pami nasyon yo. 11 Konsa, Mwen va egzekite jijman sou Moab, epi yo va [~9~]konnen ke Mwen se SENYÈ a.”
12 “ ‘Konsa pale Senyè BONDYE a: “Akoz [~10~]Édom te aji kont lakay Juda lè l te pran vanjans, e te vin koupab anpil nan vanje tèt yo sou yo,” 13 akoz sa, konsa pale Senyè BONDYE a: “Mwen va osi [~11~]lonje men M kont Édom e koupe retire nèt ni lòm ni bèt sou li. Mwen va fè dega ladann nèt. Soti nan Théman, jis rive nan Dedan, yo va tonbe pa nepe. 14 [~12~]Mwen va poze vanjans Mwen sou Édom pa men a pèp Mwen an, Israël. Pou sa, yo va aji nan Édom selon mekontantman Mwen e selon chalè kòlè Mwen. Konsa, yo va vin konnen vanjans Mwen an,” deklare Senyè BONDYE a.
15 “ ‘Konsa pale Senyè BONDYE a: “Akoz Filisten yo te aji ak [~13~]vanjans e te pran vanjans yo avèk tout mepriz a nanm pou detwi ak yon rayisman etènèl,” 16 akoz sa, konsa pale Senyè BONDYE a: “Gade byen, Mwen va lonje men M kont Filisten yo, menm koupe retire [~14~]Keretyen yo nèt, e detwi retay ki bò kot lanmè a. 17 Mwen va egzekite gwo vanjans sou yo ak repwòch ki plen ak chalè kòlè Mwen. Epi yo va [~15~]konnen ke Mwen se SENYÈ a lè Mwen poze vanjans Mwen sou yo a.” ’ ”
<- Ézéchiel 24Ézéchiel 26 ->