Languages

GALAT YO

1 Mwen, Paul, yon apot [~1~]ki pa t voye pa lèzòm, ni pa okenn ajans lòm, men pa Jésus Kri, ak Bondye Papa a, ki te fè L leve soti nan lanmò— 2 ak tout frè ki avèk mwen yo; a tout [~2~]legliz nan Galatie yo: 3 [~3~]Gras pou nou menm ak lapè ki sòti nan Bondye, Papa nou an, ak Senyè a, Jésus Kri, 4 ki [~4~]te bay tèt li pou peche nou yo, pou Li ta kapab delivre nou de tan mechan sila a, selon volonte [~5~]Bondye ak Papa nou an. 5 a Li menm laglwa pou tout tan. Amen.

6 Mwen sezi ke nou ase vit ap abandone Sila ki te rele nou pa lagras a Kris la, pou [~6~]yon lòt levanjil; 7 ki pa vrèman yon lòt, men sèlman gen kèk moun k ap [~7~]twouble nou e ki vle defòme levanjil a Kris la. 8 Men menmsi nou menm, oubyen [~8~]yon zanj ki soti nan syèl la, ta preche a nou yon levanjil ki apa de sila nou te preche a nou menm nan, li ta dwe madichonnen. 9 Jan nou te di nou avan an, donk mwen di nou koulye a ankò, si [~9~]yon moun ap preche nou yon levanjil ki kontrè de sila nou te resevwa a, li dwe madichonnen.

10 Alò, èske koulye a mwen ap chache favè lòm, oubyen Bondye? Oubyen èske m ap fòse fè lòm plezi? Si mwen t ap toujou eseye fè lòm plezi, mwen pa t ap yon [~10~]sèvitè a Kris la.

11 Paske [~11~]mwen ta fè nou konnen, frè m yo, ke levanjil ki te preche pa mwen menm nan se pa selon lòm. 12 Paske mwen pa t ni resevwa l soti nan lòm, ni mwen pa t enstwi pou li, men mwen te resevwa l atravè yon [~12~]revelasyon a Jésus Kri. 13 Paske, nou konn tande listwa a [~13~]fason lavi mwen nan lafwa Jwif la; jan mwen te konn pèsekite legliz a Bondye a depase limit, e te eseye detwi li. 14 Konsa, mwen t ap avanse nan relijyon Jwif la depase anpil nan moun Jwif parèy mwen yo akoz ke mwen te ekstrèmman zele pou [~14~]tradisyon zansèt mwen yo. 15 Men lè Bondye, ki te mete m apa depi nan vant manman m nan, e [~15~]te rele mwen selon gras Li a, te kontan 16 pou revele Fis Li a nan mwen menm, pou mwen ta kapab [~16~]preche li pami pèp etranje yo, mwen pa t nan moman sa a konsilte avèk chè ak san. 17 [~17~]Ni mwen pa t monte Jérusalem pou jwenn sila ki te apot avan mwen yo, men mwen te ale an Arabie, e mwen te retounen yon fwa ankò vè Damas.

18 Answit [~18~]twaz an pita, mwen te monte [~19~]Jérusalem pou fè konesans ak Céphas, e te rete avèk li pandan kenz jou. 19 Men mwen pa t wè okenn nan lòt apot yo eksepte [~20~]Jacques, frè a Senyè a. 20 (Alò, nan sa ke m ap ekri nou an, mwen bannou asirans [~21~]devan Bondye ke mwen p ap bay manti.) 21 Konsa [~22~]mwen te ale nan rejyon Syrie ak Cilicie. 22 Mwen te toujou enkoni devan zye a [~23~]legliz Judée ki te an Kris yo, 23 men sèlman, yo te kontinye tande: “Sila ki te konn pèsekite nou an koulye a ap preche lafwa ke avan li te [~24~]eseye detwi a.” 24 Konsa, yo [~25~]t ap bay Bondye glwa akoz de mwen menm.

Galat Yo 2 ->