1 Frè m yo, menm si yon moun vin kenbe nan nenpòt transgresyon, nou menm ki [~1~]posede Lespri Bondye a, restore li avèk yon lespri dousè. Epi nou chak veye sou tèt nou pou nou pa osi vin tante. 2 [~2~]Pote fado youn pou lòt, e konsa lalwa Kris la akonpli. 3 Paske [~3~]si yon moun panse ke li menm se yon bagay lè vrèman li pa anyen, li twonpe pwòp tèt li. 4 Men chak moun dwe [~4~]egzamine pwòp zèv pa li, epi konsa li va gen rezon pou vante tèt li pou sa ke li menm fè, e pa pou sa yon lòt moun fè. 5 Paske [~5~]chak moun va pote pwòp chaj pa l.
6 [~6~]Sila k ap aprann pawòl la dwe pataje tout bon bagay avèk sila ki enstwi l la.
7 Pa twonpe tèt nou; [~7~]Bondye p ap moke; paske sa ke yon moun simen, se sa menm ke li va rekòlte. 8 Paske, sila ki simen pou pwòp chè li a, va, selon lachè, rekòlte koripsyon, men [~8~]sila ki simen pou Lespri a, va, selon Lespri a, rekòlte lavi etènèl. 9 Annou pa [~9~]dekouraje nan fè byen, paske lè lè a rive, nou va rekòlte si nou pa fatige. 10 Alò [~10~]pandan nou gen tan an, annou fè byen ak tout moun, e sitou a sila ki nan fanmi lafwa yo.
11 Gade ak kalite gwo lèt m ap ekri nou [~11~]avèk pwòp men mwen. 12 Sila ki vle [~12~]parèt bèl nan lachè yo eseye fòse nou sikonsi; senpleman pou yo menm pa ta pèsekite pou koz lakwa a Kris. 13 Paske sila ki sikonsi yo pa menm [~13~]kenbe Lalwa pou tèt yo, men yo desire fè nou sikonsi pou yo kapab vante tèt yo nan lachè pa nou. 14 Men ke sa pa janm fèt pou m ta vante tèt mwen, eksepte nan lakwa a Senyè nou an, Jésus Kris. Atravè Li menm mond lan fin krisifye pou mwen, e [~14~]mwen menm pou mond lan. 15 Paske nan Kris Jésus, [~15~]sikonsi pa anyen, ni pa sikonsi pa anyen, men nou devni yon kreyasyon tounèf. 16 Epi pou sila ki va mache pa prensip sila a, lapè ak gras sou yo, e sou [~16~]Israël Bondye a.
17 Depi koulye a, pa kite pèsòn koze pwoblèm pou mwen, paske mwen pote sou kò m [~17~]mak a Jésus yo.
18 [~18~]Ke gras a Senyè nou an Jésus Kris kapab rete [~19~]avèk Lespri nou, frè m yo. Amen.
<- Galat Yo 5