7 Sa yo se tout ane lavi ke Abraham te viv, [~4~]san-swasann-kenz ane. 8 Abraham te respire dènye souf li. Li te mouri yon granmoun byen mi, e li te byen satisfè avèk lavi. Konsa, li te vin [~5~]ranmase vè pèp li. 9 Fis li yo, Isaac avèk Ismaël te antere li nan [~6~]kav Macpéla a, nan chan Ephron an, fis Tsochar, Etyen an, anfas Mamré, 10 [~7~]chan ke Abraham te achte nan men fis a Heth yo. La, Abraham te antere avèk madanm li, Sarah. 11 Li te vin rive apre mò Abraham nan, ke [~8~]Bondye te beni fis li a, Isaac, epi Isaac te viv toupre Lachaï-roi.
12 Alò, sa yo se achiv a desandan a jenerasyon [~9~]Ismaël yo, fis Abraham nan, ke Agar, Ejipsyen an, sèvant a Sarah a, te fè ak Abraham; 13 epi sa yo se non [~10~]fis Ismaël yo, selon non yo, nan lòd nesans pa yo: Nebajoth, premye ne a Ismaël la, Kédar, Adbeel, Mibsam, 14 Mischma, Duma, Massa, 15 Hadad, Théma, Jethur, Naphisch avèk Kedma. 16 Sila yo se fis Ismaël yo e sa se non yo, pa vil, e pa anplasman yo; [~11~]douz prens yo selon tribi pa yo.
17 Sa yo se lane lavi Ismaël yo, [~12~]san-trant-sèt ane. Li te respire dènye souf li, e li te mouri, epi yo te ranmase li vè pèp li. 18 Yo te deplase soti nan [~13~]Havila jis rive nan Schur ki nan kote lès Égypte lè yon moun ap pwoche Assyrie; li te rete la malgre sa te fè ènmi avèk tout paran li yo.
19 Alò, sa yo se achiv [~14~]jenerasyon ki swiv Isaac yo, fis Abraham nan: Abraham te vin papa Isaac.
20 Lè Isaac te gen laj karant ane, li te pran Rebecca, [~15~]fi Bethuel la, Araméen an nan kote Paddan-Aram, [~16~]sè Laban an, Araméen an, pou vin madanm li. 21 Isaac te priye a SENYÈ a anfavè madanm li, akoz li te esteril. Konsa, SENYÈ a te reponn li, e Rebecca, madanm li an te vin [~17~]ansent.
22 Men pitit yo te an konfli anndan vant li. Li te di: “Si se sa, poukisa mwen viv?” Li te ale [~18~]mande a SENYÈ a.
23 SENYÈ a te di li:
24 Lè jou li yo pou akouche te rive, gade, te gen jimo nan vant li. 25 Premye a te vin parèt byen wouj. [~20~] Li te kouvri toupatou tankou yon rad ki plen plim sou li. Yo te nonmen li Ésaü. 26 Apre, frè li a te vin parèt avèk [~21~]men li ki t ap kenbe talon pye a Ésaü. Akoz sa [~22~]yo te rele li Jacob. Isaac te gen swasant ane lè madanm li te bay nesans a yo.
27 Lè gason sa yo te grandi, Ésaü te vin fò nan lachas, yon nonm ki fèt pou chan a. Men Jacob te yon nonm byen trankil, ki te [~23~]viv nan tant. 28 Alò, Isaac te renmen Ésaü akoz ke li te gen yon [~24~]gou pou vyann bèt sovaj, men Rebecca te renmen Jacob.
29 Lè Jacob te fin kwit yon [~25~]soup, Ésaü te vin antre pandan li t ap kite chan an, e li te grangou anpil. 30 Konsa, Ésaü te di Jacob: “Souple, ban m goute bagay wouj sa ki la a, paske mwen grangou anpil.” Se pou sa yo te rele non li Edom.
31 Men Jacob te di: “Premyeman vann mwen [~26~]dwa nesans ou an.”
32 Ésaü te di: “Gade byen, mwen prèt pou mouri, e konsa pou ki bagay yon eritaj ap sèvi mwen?”
33 Jacob te di: “Premyeman, sèmante ban mwen.” Li te sèmante ba li. Li te [~27~]vann dwa nesans li an bay Jacob.
34 Jacob te bay Ésaü pen avèk yon soup pwa. Li te manje e bwè, e li te leve al fè wout li.