Habacuc
1 [~1~]Pwofesi ke Habacuc, pwofèt la te wè. 2 [~2~]Pandan konbyen tan, O SENYÈ, mwen va kriye sekou e Ou pa tande? Mwen kriye a Ou menm, “Vyolans!” Men Ou [~3~]pa delivre. 3 Poukisa Ou fè m wè inikite, e Ou gade sou tout mechanste yo? Wi, se [~4~]destriksyon ak vyolans ki devan mwen; [~5~]gwo konfli ak kont k ap leve toupatou. 4 Akoz sa, yo vin pa okipe yo de lalwa e jistis la pa janm avanse. Paske mechan yo vin antoure moun ladwati yo. Lajistis tòde nèt.[~6~]
5 “Gade pami nasyon yo! Obsève byen! Se pou nou vin sezi e menm etone! Paske Mwen ap fè nan jou pa w yo, yon bagay ke ou pa t ap kwè, malgre ke ou ta tande l. 6 Paske, gade byen, Mwen ap [~7~]leve Kaldeyen yo, pèp fewòs e san kontwòl sa a, k ap mache sou tout tè a pou [~8~]sezi kote ki pa pou yo. 7 Yo plen tout moun ak gwo [~9~]laperèz, ak lakrent. [~10~]Jistis ak otorite pa yo sòti sèl nan yo menm. 8 [~11~]Chevalye yo pi vit ke leyopa e pi vijilan ke [~12~]lou lannwit. Chevalye yo vin galope. Chevalye yo sòti lwen. Yo vole tankou èg k ap plonje desann pou devore. 9 Yo tout vini pou fè vyolans. Nan rega pa yo [~13~] se an avan. Yo ranmase kaptif tankou sab. 10 Yo giyonnen wa yo e yo moke gouvènè yo. Yo pase tout bastyon yo nan tenten. Yo sanble ranblè tè yo e yo sezi yo. 11 Tankou [~14~]van yo va vole pase, pou yo ale nèt. Yo vrèman [~15~]koupab; yo mete fòs yo nan dye pa yo a.”
12 Èske se pa nan letènite Ou sòti, O SENYÈ, Bondye mwen an, Sila Ki Sen mwen an? Nou p ap mouri. Ou menm, O SENYÈ, Ou te dezinye yo pou jijman an. Ou menm, O Woche a, Ou te etabli yo pou pinisyon. 13 Zye Ou twò pafè pou gade mal, e Ou pa ka menm gade mechanste. Poukisa Ou sipòte sila ki trèt yo? Poukisa Ou rete an silans pandan mechan yo ap vale sila ki pi jis pase yo?[~16~] 14 Poukisa kite yo fè lòm tankou pwason lanmè, tankou sila k ap trennen atè ki pa gen gouvènè sou yo? 15 Pou Kaldeyen yo, yo [~17~] rale yo fè yo tout monte ak yon zen. Yo [~18~]rale pote yo ale ak pèlen, e ranmase yo ansanm nan filè pwason. Se konsa y ap rejwi e fè kè kontan. 16 Tout sa, akoz yo ofri yon sakrifis a filè yo; yo brile lansan nan filè a; paske pa bagay sa yo, lavi a vin bon, e manje yo vin anpil. 17 Èske se konsa yap kontinye vide filè yo, e kontinye [~19~]detwi nasyon yo san mizerikòd?
Habacuc 2 ->