15
1 Pwofesi konsènan Moab la.
Anverite nan yon sèl nwit, [~1~]Ar-Moab fin devaste e detwi nèt. Nan yon sè nwit, Kir-Moab fin devaste e detwi nèt. 2 Yo fin monte nan tanp lan ak [~2~]Dibon, menm kote wo plas yo pou kriye. Moab rele anmwey sou Nebo ak Médeba. Razwa fin pase sou tèt tout moun e tout bab fin koupe. 3 Nan lari yo, yo fin abiye ak [~3~]twal sak. Sou twati lakay yo e sou gwo plas yo, tout moun ap rele anmwey e vin fann nèt akoz dlo ki sòti nan zye yo. 4 Anplis, [~4~]Hesbon ak Élealé rele anmwey; vwa yo konn tande jis rive Jahats. Akoz sa, tout mesye ak zam yo kriye fò; nanm yo tranble anndan. 5 Kè m kriye fò pou Moab! Prens li yo sove ale rive jis Tsoar yo, jis Églath-Schelischija yo. Yo monte pant Luchith la pandan y ap kriye nèt; anverite, menm sou wout pou rive Choronaïm nan, y ap leve yon kri anmwey [~5~]pou destriksyon yo. 6 Paske dlo a Nimrin yo abandone. Anverite, zèb la fennen nèt; menm boujon gazon mouri. [~6~]Pa gen anyen ki vèt. 7 Pou sa, [~7~]gwo kantite byen ke yo vin genyen pou mete nan depo, yo pote yo ale sou flèv dlo Arabim nan. 8 Paske kri anmwey la fin kouri ale antoure peyi Moab la. Plenyen li an rive jis Egalïm, e lamantasyon li an jis Beer-Élim. 9 Paske dlo a Dimon yo plen ak san. Anverite Mwen va ogmante mizè sou Dimon, ak yon [~8~]lyon sou sila yo k ap sove ale Moab, menm ankò sou retay yo nan peyi a.
<- Ésaïe 14Ésaïe 16 ->