1[~1~]Nan jou sa yo, Ézéchias te vin malad, prèt pou mouri. Epi Ésaïe, pwofèt la, fis a Amots la, te vin kote li. Li te di l: “Konsa pale SENYÈ a: ‘Mete lakay ou an lòd, paske ou va mouri; ou p ap viv.’ ”
2 Ézéchias te vire figi li vè mi kay la pou te priye a SENYÈ a. 3 Li te di: “Sonje koulye a, O SENYÈ, mwen mande Ou souple, pou jan mwen te [~2~]mache devan Ou nan verite, ak yon kè entèg e te fè sa ki te bon devan zye Ou.” Konsa, Ézéchias te plere byen fò.
4 Alò, pawòl SENYÈ a te rive kote Ésaïe, epi te di l: 5 “Ale pale ak Ézéchias epi di li: ‘Konsa pale SENYÈ a: “Mwen te tande lapriyè ou, Mwen te wè dlo ki t ap sòti nan zye ou. Gade byen, Mwen va mete [~3~]kenzan sou lavi ou. 6 Mwen va [~4~]delivre ou ak vil sa a soti nan men a wa Assyrie a, epi Mwen va defann vil sa a.” ’ 7 Konsa, sa va [~5~]sign pou ou soti nan SENYÈ a, ke SENYÈ a va fè bagay sa ke Li te pale a: 8 Gade byen, Mwen va [~6~]fè lonbraj sou eskalye a, lonbraj ki te desann avèk solèy la sou eskalye Achaz la, pou fè back dis pa.” Epi konsa lonbraj solèy la te fè bak dis pa sou menm eskalye kote li te desann nan.
9 Men yon chanson ke Ézéchias te ekri apre li te malad e te vin refè a:
sou enstriman kòd yo pou tout lavi nou lakay SENYÈ a.”
21 Alò [~16~]Ésaïe te di: “kite yo fè yon pomad ak gato fig etranje e mete li sou abse a, pou l ka geri.” 22 Epi Ézéchias te di: “Se kisa k ap [~17~]sign ke mwen va monte lakay SENYÈ a?”