Languages

LEVANJIL SELON JEAN

1 Nan kòmansman, te gen Pawòl la, e Pawòl la te avèk Bondye, e Pawòl la te Bondye. [~1~] 2 Li te nan kòmansman avèk Bondye. 3 [~2~]Tout bagay ki te fèt te fèt pa Li, epi san Li, anyen ki te fèt pa t vin fèt. 4 [~3~]Nan Li se te lavi, epi lavi se te [~4~]limyè a lòm. 5 [~5~]Limyè fè klè nan tenèb la, epi tenèb la pa t ka venk li.

6 Te [~6~]vin parèt yon nonm ke Bondye te voye ke yo te rele Jean. 7 Li te vini kon yon temwen, pou li ta kapab fè temwen a limyè a, [~7~]pou tout moun ta kapab kwè akoz li menm. 8 Se pa [~8~]li ki te Limyè a, men li te vini pou li ta kapab fè temwen a Limyè a.

9 Te gen [~9~]vrè Limyè a ke, lè l vini nan mond lan, klere tout moun. 10 Li te nan lemond, e [~10~]lemond te fèt pa Li, men lemond pa t rekonèt Li. 11 Li te vini a moun pa Li yo, e moun pa L yo pa t resevwa Li. 12 Men a tout sa yo ki te resevwa L, Li te bay yo pouvwa pou devni [~11~]pitit a Bondye, menm a sa yo ki kwè nan non Li, 13 [~12~]ki pa t fèt ni pa san, ni pa volonte lachè a, ni pa volonte a lòm, men pa Bondye.

14 E pawòl la te [~13~]vin lachè, e te viv pami nou. [~14~]Nou te wè glwa Li, kon glwa a sèl Fis inik a Papa a, ranpli avèk gras ak verite.

15 Jean te fè temwen a Li. Li te rele fò e te di: “Sa se Li menm de moun mwen te pale nou lè m te di: [~15~]‘Sila ki vini aprè mwen an pi wo pase m, paske li te egziste avan m.’ ” 16 Paske nan [~16~]plenitid Li, nou tout te resevwa gras sou gras. 17 Paske [~17~]Lalwa te bay pa Moïse, men nou te resevwa gras ak verite pa Jésus Kris. 18 Pèsòn pa janm wè Bondye. Men [~18~]Fis inik la, [~19~]ki nan sen Papa L, te fè nou konnen L.

19 E sa se [~20~]temwayaj a Jean, lè Jwif yo te voye prèt yo avèk Levit yo pou mande l “Ki moun ou ye?”

20 Li te konfese, li pa t nye, men li te konfese:
[~21~]“Mwen menm se pa Kris la.”
21 Konsa yo mande li: “E byen, kisa?” Èske ou menm se Elie?
Li te di: “Non mwen pa Li.”
“Èske ou menm se [~22~]Pwofèt la?” Li te reponn: “Non.”

22 Konsa yo di l: “Kilès ou ye, pou nou kapab bay yon repons a sa ki te voye nou yo? Kisa ou di selon ou menm?”

23 Li te di: “Mwen menm se [~23~]yon vwa k ap kriye nan savann nan, ‘Fè chemen Bondye a dwat’, kon pwofèt la, Ésaïe te di.”

24 Alò, se te Farizyen yo ki te voye yo. 25 E yo te mande l, e te di l: “Ebyen [~24~]poukisa w ap batize si se pa Kris la, ni Elie, ni Pwofèt la ou ye?”

26 Jean te reponn yo konsa: [~25~]“Mwen batize nou avèk dlo, men pami nou, kanpe youn ke nou pa konnen. 27 Se Li menm k ap vin apre mwen, ki prefere avan m, e menm [~26~]lasèt a sandal Li, mwen pa dign pou m ta demare.”

28 Bagay sa yo te fèt nan Béthanie, [~27~]lòtbò Jourdain an, kote Jean t ap batize a.

29 Nan jou aprè li te wè Jésus ki t ap vin kote l e te di: “Men gade [~28~]Jenn Mouton Bondye a k ap retire peche mond lan. 30 Se te anfavè Li ke mwen te pale a lè mwen te di: [~29~]‘Sila ki vini aprè mwen an pi wo pase m, paske li te egziste avan m.’ 31 Epi mwen pa t rekonèt Li, men se pou Li ta kapab fè parèt a Israël, ke m te vini pou batize moun avèk dlo.”

32 Jean te fè temwayaj epi te di: [~30~]“Mwen wè Lespri a vin desann kon yon toutrèl ki soti nan syèl la epi Li te rete sou Li. 33 Mwen pa t rekonèt Li, men sila a ki te voye m pou batize avèk dlo te di mwen, ‘Li menm sou kilès ou wè Lespri a desann epi rete sou Li a, [~31~]se Li menm k ap batize avèk Lespri Sen an.’ 34 Mwen wè, epi mwen fè temwayaj ke sila a se [~32~]Fis Bondye a.”

35 Ankò [~33~]jou aprè Jean te kanpe avèk de nan disip li yo, 36 epi li te gade Jésus pandan Li t ap mache. Li te di: “Men gade [~34~]Jenn Mouton Bondye a!”

37 De disip yo te tande l pale, epi yo te swiv Jésus.

38 Konsa, Jésus te vire pou wè yo t ap swiv Li, e te di yo: “Kisa n ap chache”? Yo te di Li: [~35~]“Rabbi, ki tradwi vle di ‘Mèt’, se kibò w ap rete?”

39 Li te di yo: “Vini, nou va wè.” Pou sa yo te vini epi te wè kote Li t ap rete. Yo te rete avèk Li jou sa, paske li te vè dizyèm lè.

40 [~36~]Youn nan de sa yo ki te tande Jean pale epi te swiv Li yo se te Andre, frè a Simon Pierre. 41 Li te twouve premyèman frè li, Simon, e te di Li: “Nou te twouve Mesi a, ki tradwi se Kris la.”

42 Li te mennen li kote Jésus. Jésus te gade li e te di: “Ou se Simon, [~37~] fis a Jean. Ou va rele Céphas,” ki tradwi vle di Pierre.

43 Jou apre Li te vle antre nan [~38~]Galilée, e Li te twouve Philippe. Jésus te di li: “Swiv mwen.”

44 Philippe te sòti nan [~39~]Bethsaïda, vil André avèk Pierre a. 45 Philippe te twouve Nathanaël, e te di l: “Nou te twouve sila a ke [~40~]Moïse nan Lalwa avèk pwofèt yo te ekri a, Jésus de Nazareth, fis a Joseph la.”

46 Nathanaël te di l [~41~]“Èske yon bon bagay kapab sòti nan Nazareth?” Philippe te reponn: “Vini pou wè.”

47 Jésus te wè Nathanaël t ap vin kote Li epi te di: [~42~]“Men gade, yon Izrayelit nan kilès pa gen desepsyon.”

48 Nathanaël te di L “Kijan ou fè rekonèt mwen?” Jésus te reponn li: “Avan [~43~]Philippe te rele ou, pandan ou te anba pye figye a, Mwen te wè ou.”

49 Natanaël te reponn Li: “Rabbi, ki vle di ‘Mèt’, Ou menm se Fis Bondye a. Ou se [~44~]Wa Israël la.”

50 Jésus te reponn Li e te di: “Akoz Mwen te wè ou anba pye figye a, ou kwè? W ap wè pi gwo bagay pase sa yo.” 51 E Li te di li: “Anverite, anverite mwen di ou, w ap wè [~45~] syèl yo louvri, epi zanj Bondye yo k ap monte desann sou Fis a Lòm nan.”

Jean 2 ->