Languages
13
1 Alò, avan [~1~]Fèt Pak Jwif la, Jésus te byen okouran ke lè Li te rive epi ke Li t ap kite mond sa a pou ale [~2~]kote Papa a. Konsa Li te renmen moun pa Li yo ki te nan lemonn. Li te renmen yo jiska lafen.

2 Pandan yo t ap soupe, [~3~]dyab la te deja mete nan kè Judas, fis Simon an, pou trayi Li.

3 Jésus, [~4~]byen konnen ke Papa a te mete tout bagay nan men Li, e ke [~5~]Li te sòti nan Bondye, e t ap retounen a Bondye, 4 te leve nan soupe a. Li te retire gwo vètman Li. Li te pran yon twal e te vlope l nan kò Li. 5 Li te vide dlo nan basen an e te kòmanse [~6~]lave pye a disip Li yo, e siye yo avèk twal ki te vlope L la.

6 E konsa, lè L rive nan Simon Pierre, li te di Li: “Senyè, w ap lave pye mwen?”

7 Jésus te reponn e te di Li: “Sa ke M ap fè la a koulye a, ou p ap konprann, men [~7~]pita, ou va konprann.”

8 Pierre te di Li: “Ou p ap janm lave pye mwen!” Jésus te reponn li: [~8~]“Si Mwen pa lave ou, ou p ap gen pati nan Mwen.”

9 Simon Pierre te di Li: “Senyè, pa sèlman pye mwen, men anplis men mwen ak tèt mwen.”

10 Jésus te di li: “Sila a ki gen tan benyen sèlman bezwen lave pye li. Men tout rès li pwòp. [~9~]Nou menm nou pwòp, men pa tout pami nou.” 11 Paske [~10~]Li te konnen kilès ki t ap trayi Li, e pou rezon sa a Li te di: “Se pa tout nan nou ki pwòp.”

12 Konsa, lè Li te lave pye yo, e te [~11~]reprann vètman Li yo, Li te apiye sou tab la ankò, e te di yo: “Èske nou konnen kisa Mwen gen tan fè nou la a? 13 Nou rele M ‘Mèt’, epi [~12~]‘Senyè’, e nou gen rezon, paske se sa Mwen ye. 14 Pou sa, si Mwen, [~13~]Senyè a ak Mèt la lave pye nou, nou osi dwe lave pye youn a lòt. 15 Paske Mwen te bay nou [~14~]yon egzanp ke nou menm osi dwe fè tankou Mwen te fè pou nou.

16 “Anverite, anverite, Mwen di nou, yon [~15~]esklav pa pi gran pase mèt li. Ni yon moun ki voye pa pi gran pase sila ki voye l la. 17 Si nou konnen bagay sa yo, nou [~16~]beni si nou fè yo.

18 “Se pa a nou tout ke M pale. Mwen konnen sila ke M te chwazi yo. Men se pou Lekriti sen yo kapab akonpli. [~17~] ‘Sila ki manje pen Mwen an te leve talón li kont Mwen.’

19 “Depi koulye a, [~18~]M ap di nou avan li rive, pou lè li rive, nou kapab kwè ke [~19~]Mwen menm se Li.

20 “Anverite, anverite, Mwen di nou, [~20~]sila a ki resevwa nenpòt moun ke M voye resevwa M. E sila ki resevwa Mwen, resevwa Li menm ki te voye Mwen an.”

21 Lè Jésus te fin di sa, Li te [~21~]vin twouble nan lespri L, e te fè temwayaj e te di: “Anverite, anverite Mwen di nou ke youn nan nou ap trayi M.”

22 Disip yo te kòmanse gade youn a lòt, [~22~]san okenn lide sou kilès nan yo Li t ap pale a.

23 Te gen youn ki t ap apiye sou Jésus, sila ke Li te renmen anpil la.[~23~] 24 Konsa, Simon Pierre te fè l siyal, e te di li: “Di nou kilès nan nou ke L ap pale a.” 25 Sila ki t ap [~24~]apiye sou pwatrin Jésus e te di Li: “Senyè, kilès li ye?”

26 Pou sa, Jésus te reponn: “Sila a ke M ap bay mòso pen ke M pral tranpe bay li a.” Lè L tranpe mòso a Li te pran li bay Judas, [~25~]fis a Simon Iscariot.

27 Epi apre mòso a, Satan [~26~]te antre nan li. Konsa, Jésus te di l: “Sa w ap fè a, fè vit.”

28 Pèsòn pami sa yo sou tab la pa t konnen pou ki rezon Li te di l sa. 29 Kèk te sipoze ke se te akoz Judas [~27~]te gen bwat kès la, epi ke Jésus t ap di l: “Ale achte bagay nou bezwen pou fèt la,” oubyen petèt ke li ta dwe bay kèk choz a malere yo.

30 Apre li te resevwa mòso a, li te sòti nan menm moman an. E [~28~]li te lannwit.

31 Konsa, lè l gen tan ale, Jésus te di: “Koulye a Fis a Lòm nan gen tan resevwa glwa, epi [~29~]Bondye resevwa glwa nan Li. 32 Si Bondye resevwa glwa nan Li, [~30~]Bondye osi ap resevwa glwa Li, nan Li menm, epi va resevwa glwa Li koulye a menm.”

33 “Pitit Mwen yo, Mwen avèk nou pou [~31~]yon ti tan anplis. [~32~]Nou ap chache M, e tankou Mwen te di Jwif yo, koulye a M ap di nou tou. Kote M ap ale, nou p ap kab vini.

34 “Yon kòmandman nèf Mwen bay nou. [~33~]Ke nou renmen youn a lòt menm jan ke Mwen renmen nou. Konsa renmen youn a lòt. 35 [~34~]Konsa, tout moun ap konnen ke nou menm se disip Mwen yo, si nou gen lamou youn pou lòt.”

36 Simon Pierre te di Li: “Senyè, kibò W ap prale?” Jésus te reponn li: [~35~]“Kote M ap prale a, ou p ap kapab ale koulye a, men pita, ou va swiv Mwen.”

37 Pierre te di Li: “Senyè, poukisa mwen pa kapab swiv Ou koulye a? [~36~]Mwen va bay vi m pou Ou.”

38 Jésus te di: “Èske ou va bay vi ou pou Mwen? Anverite, anverite, Mwen di ou, [~37~]avan kòk la gen tan chante, ou va rejte Mwen twa fwa.”

<- Jean 12Jean 14 ->