1“Mwen pale nou[~1~]bagay sa yo pou nou kapab evite chite.
2“Yo va[~2~]mete nou deyò nan sinagòg la, epi lè a ap vini ke y ap konprann ke se yon sèvis yo rann Bondye lè yo touye nou.3Bagay sa yo, yo va fè[~3~]paske yo pa t janm konnen Papa a, ni Mwen.4Men bagay sa yo Mwen te pale nou an[~4~]pou lè lè a rive, nou va sonje ke M te di nou sa. Epi bagay sa yo Mwen pa t di nou nan kòmansman, paske Mwen te avèk nou.
5“Men koulye a,[~5~]M ap prale a Sila a ki te voye Mwen an. E pa gen nan nou k ap mande M: ‘Kibò W ap prale’?6Men akoz ke M te di nou bagay sa yo,[~6~]gwo doulè antre nan kè nou.
7“Men Mwen di nou laverite se nan lavantaj pa nou ke M ap prale. Paske si M pa ale,[~7~]Konseye a p ap vin kote nou, men si M ale,[~8~]M ap voye Li bay nou.8E Li, lè L vini, L ap konvenk lemonn konsènan peche, ladwati, ak jijman.9Konsènan peche, [~9~]paske yo pa kwè nan Mwen,10Selon[~10~]ladwati, paske Mwen ale nan Papa a, e nou p ap ka wè M ankò.11[~11~]Epi selon jijman, paske Mèt mond sa a gen tan jije.
12“Mwen gen anpil bagay anplis pou M ta di nou, men nou p ap kab sipòte yo koulye a.13Men lè Li,[~12~]Lespri verite a vini, Li va[~13~]dirije nou nan tout verite. Paske Li p ap pale pou kont Li, men sa Li tande, L ap pale. Li va montre nou tout sa ki va vini.14Li va[~14~]fè M resevwa glwa Mwen, paske l ap pran sa ki pou Mwen, e fè nou konprann li.
15[~15~]“Tout bagay ke Papa a genyen se pou Mwen. Pou sa, Mwen di nou Li pran sa ki pou Mwen, e devwale li a nou.
16“Yon ti tan, e [~16~]nou p ap wè M ankò, epi yon ti tan anplis, e nou va wè M.”
17 Kèk nan disip Li yo te di youn a lòt: “Kisa L ap di nou la a? ‘Yon ti tan, e nou p ap wè M ankò, epi yon ti tan anplis e nou va wè M’ epi: ‘akoz ke[~17~]M ap prale nan Papa a’?” 18 Konsa yo t ap di: “Kisa L ap pale: ‘Yon ti tan’? Nou pa konprann kisa L ap di.”
19[~18~]Jésus te konnen yo te vle kesyone L, epi Li te di yo: “Èske nou ap diskite pami nou sou sa ke M te di a: ‘Yon ti tan, e nou p ap wè M ankò, epi yon ti tan anplis, e nou va wè M?’
20“Anverite, anverite, Mwen di nou, ke[~19~]nou va kriye avèk lamantasyon, men lemonn va rejwi. Nou va ranpli avèk tristès, men[~20~]tristès la va vin chanje an jwa.21[~21~]Lè yon fanm gen doulè nesans, li gen tristès, paske lè li rive, men lè l fin bay nesans a pitit la, li pa sonje soufrans lan ankò, akoz jwa ke yon pitit gen tan fèt nan lemonn.
22“Konsa,[~22~]nou menm tou gen tristès koulye a. Men[~23~]Mwen va wè nou ankò, e kè nou ap rejwi, e pèsòn p ap retire jwa nou ankò.
23“E nan jou sa a[~24~]nou p ap menm poze M kesyon sou okenn choz. Anverite, anverite, Mwen di nou,[~25~]si nou mande Papa a pou nenpòt bagay, L ap bay nou Li nan non Mwen.
24[~26~]“Jis rive koulye a nou pa mande pou anyen nan non Mwen. Mande e nou va resevwa, pou jwa nou kapab vin ranpli.
25“Bagay sa yo Mwen pale nou an[~27~]parabòl. Lè a ap vini lè M p ap pale avèk nou ankò an parabòl, men M ap pale nou byen klè konsènan Papa a.
26“Nan jou sa a[~28~]nou va mande nan non Mwen, e Mwen p ap di nou ke M ap mande Papa a anfavè nou.27Paske[~29~]Papa a Li menm, renmen nou paske nou renmen Mwen, e te kwè ke Mwen[~30~]te sòti nan Papa a. 28Mwen te sòti nan Papa a, e te vini nan lemonn. M ap kite lemonn ankò e ap[~31~]prale kote Papa a.”
29 Disip Li yo te di: “Alò koulye a W ap pale klè. Ou p ap [~32~]sèvi ak parabòl. 30 Koulye a nou konnen ke Ou konnen tout bagay, e pa bezwen moun mande Ou anyen. Akoz sa, nou [~33~]kwè ke Ou soti nan Bondye.”
31 Jésus te reponn yo: “Èske nou kwè koulye a?32Veye byen, lè a ap vini, e gen tan vini deja,[~34~]pou nou vin gaye, chak a pwòp kay li, e pou kite M sèl.[~35~]Men M p ap sèl, paske Papa a toujou avè M.
33“Bagay sa yo Mwen pale nou, pou[~36~]nan Mwen, nou kapab gen lapè. Nan lemonn nou gen tribilasyon, men pran kouraj.[~37~]Mwen venk lemonn.”