4 Pilate te parèt deyò ankò epi te di: “Gade byen, mwen mennen L devan nou ankò pou nou ka konnen ke m [~4~]pa twouve okenn koupabilite nan Li.”
5 Konsa Jésus te vin parèt [~5~]abiye avèk kouwòn pikan an ak gwo vètman mov la. Epi Pilate te di yo: “Gade nonm nan!”
6 Konsa, lè chèf prèt yo ak ofisye yo te wè Li, yo te kriye fò e te di: “Krisifye! Krisifye!”
7 Jwif yo te reponn li: [~7~]“Nou gen yon lwa, e pa lwa sila a, Li dwe mouri paske Li te fè kòmsi se Fis a Bondye Li ye.”
8 Lè Pilate te tande pawòl sila a, li te vin krent plis. 9 Li te lantre ankò nan tribinal la e te di a Jésus: “Kote Ou soti?”
10 Pou sa, Pilate te di L: “Ou pa pale avè m? Èske Ou pa konnen ke m gen otorite pou krisifye Ou?”
11 Jésus te reponn Li: [~9~]
12 Akoz sa a, Pilate te fè yon efò pou lage Li, men Jwif yo te kriye fò epi te di: [~10~]“Si ou lage nonm sila a, ou pa zanmi a César. Nenpòt moun ki fè kòmsi se yon wa li ye, se lènmi a César.”
13 Lè konsa, Pilate te tande pawòl sa yo, li te mennen Jésus deyò, e te [~11~]chita sou chèz jijman an nan plas yo rele Pave a, men an Ebre Gabbatha. 14 Se te [~12~]Jou Preparasyon pou Pak Jwif la.
15 Pou sa yo te kriye fò: [~13~]“Fè L soti, fè L soti, krisifye L!”
16 Konsa, li te [~14~]livre Li pou krisifye. Yo te pran Li, epi te mennen L ale.
17 [~15~] Li te soti e t ap pote pwòp kwa Li vè plas ke yo rele Plas a Zo Tèt Mò a, ke nan lang Ebre yo rele Golgotha. 18 La yo te krisifye Li, ansanm avèk de lòt mesye yo, youn nan chak kote avèk Jésus nan mitan.
19 Pilate te ekri yon enskripsyon, e te mete li sou kwa a. Li te di [~16~]“Jésus de Nazareth, Wa Jwif Yo.”
20 Konsa, anpil nan Jwif yo te li enskripsyon sila a, paske plas kote Jésus te krisifye a te prè vil la, e li te ekri nan [~17~]Ebre, Latin ak Grèk.
21 Epi chèf prèt yo t ap di a Pilate: “Pa ekri [~18~]‘Wa Jwif yo’, men ke ‘Li te di: “Mwen se Wa Jwif yo.” ’
22 Pilate te reponn [~19~]“Sa ke m ekri a, mwen ekri nèt”.
23 [~20~]Sòlda yo, lè yo te fin krisifye Jésus te pran tout vètman li epi fè kat pati. Yon pati pou chak sòlda, anplis tinik la. Konsa, tinik la te yon sèl moso twal san koud soti anwo, jis rive anba.
24 Akoz sa yo te di youn ak lòt, annou pa chire li, men tire osò pou li, pou deside pou kilès li dwe ye. Konsa, yo te akonpli Lekriti a ki te di:
25 Men manman Li, sè a manman Li, Marie, madanm a Cléopas, ak Marie [~22~]Magdalène t ap kanpe prè kwa Jésus a.
26 Konsa, lè Jésus te wè manman L ak [~23~]disip ke Li te renmen an, ki te kanpe toupre a, Li te di a manman:
27 Epi Li te di a disip la:
28 Apre sa Jésus, byen konnen ke tout bagay te deja acheve, pou Lekriti a ta kapab akonpli, te di: [~25~]“Mwen swaf.”
29 Yon bokal ranpli avèk diven si te kanpe la. Epi [~26~]yo te mete yon eponj ranpli avèk diven si a sou yon branch izòp pou te lonje l anwo vè bouch Li.
30 Konsa, lè Jésus te resevwa diven si a, Li te di:
31 Pou sa, Jwif yo, akoz ke se te Jou Preparasyon an, e ke [~28~]kò yo pa ta dwe rete sou lakwa pandan Saba a, pwiske Saba a te yon gwo jou sen, te mande Pilate pou kase janm tout moun yo, pou yo ta kapab retire yo.
32 Konsa, sòlda yo te vini e te kase janm a premye mesye a, epi lòt ki te [~29~]krisifye avèk li a. 33 Men lè yo vini sou Jésus, yo te wè ke Li te deja mouri, epi yo pa t kase janm Li yo. 34 Men youn nan sòlda yo te frennen akote Li avèk yon lans, epi imedyatman, [~30~]san mele avèk dlo te soti.
35 E sila a ki wè gen tan [~31~]bay temwaye, epi temwayaj li vrè. E li konnen ke l ap di laverite, pou nou tout kapab kwè. 36 Paske bagay sa yo te vin pase, pou Lekriti a ta kapab akonpli [~32~]“Pa menm yon zo nan Li va kase.”
37 E ankò yon lòt Ekriti di [~33~]“Yo va gade sila a ke yo pèse a.”
38 [~34~]Apre bagay sa yo, Joseph d'Arimathée, ki te yon disip a Jésus, men an sekrè akoz perèz a Jwif yo, te mande Pilate pou l kite li pran kò Jésus. E Pilate te bay li pèmisyon.
39 [~35~]Nicodème ki te vini premyèman kote li nan nwit lan te vini tou. Yo t ap pote yon melanj lami avèk epis lalwa ki te peze kon pwa anviwon san liv.
40 Konsa, yo te pran kò a Jésus, epi te [~36~]vlope l avèk [~37~]twal lèn avèk epis selon koutim lantèman a Jwif yo.
41 Nan plas kote Li te krisifye a, te gen yon jaden, e nan jaden an yon [~38~]tonm nèf kote [~39~]pèsòn poko te poze. 42 Pou sa, akoz jou [~40~]Preparasyon Jwif la, e akoz ke tonm nan te prè, yo te poze Jésus la.
<- Jean 18Jean 20 ->