1 Pou sa, lè [~1~]Senyè a te konnen Farizyen yo te tande Jésus t ap batize plis disip pase Jean 2 (men [~2~]Jésus Li menm pa t ap batize, men disip Li yo t ap fè l), 3 li te kite [~3~]Judée epi te pati [~4~]ankò pou Galilée. 4 Konsa, Li te oblije pase nan [~5~]Samarie.
5 Li te vini nan yon vil Samarie yo rele Sychar, toupre [~6~]moso tè ke Jacob te bay a Joseph, fis li. 6 Pwi a Jacob la te la. Jésus, akoz Li te byen fatige pa vwayaj la, te chita akote pwi a. Se te anviwon sizyèm lè.
7 Yon fanm Samariten te vini pou tire dlo nan pwi a.
9 Konsa, fanm Samariten nan te reponn Li: “Kòman Ou menm, ki se yon Jwif mande M pou bwè lè mwen menm se yon fanm Samariten?” (Paske [~8~]Jwif yo pa gen bon relasyon avèk Samariten yo.)
10 Jésus te reponn e te di l:
11 Li te di L: “Mesye, ou pa gen anyen pou rale l, epi pwi a fon. Ki kote konsa W ap twouve [~10~]dlo vivan sila a? 12 Èske Ou kapab pi gran pase papa zansèt nou yo Jacob, ki te [~11~]bay nou pwi a, ki te bwè ladann li menm, avèk pitit li, ak bèt li yo?”
13 Jésus te reponn e te di li:
15 Fanm nan te di Li: “Mesye, [~13~]ban m dlo sa a pou m pa swaf, ni pou m pa oblije vin jis isit la pou tire l.”
16 Li te di li:
17 Fanm nan te reponn Li e te di: “Mwen pa gen mari.” Jésus te di li: “Ou pale byen:
19 Fanm nan te reponn Li: “Mesye mwen konsidere ke Ou menm se [~14~]yon pwofèt. 20 Papa zansèt nou yo te adore nan [~15~]mòn sila a, men ou di ke se nan Jérusalem pou nou adore.”
21 Jésus te di li:
23
25 Fanm nan te di L: “Mwen konnen ke [~20~]Mesye, [~21~](sila a ke yo rele Kris la) gen pou vini. Lè L vini, L ap deklare nou tout bagay.”
26 Jésus te di li: [~22~]
27 Nan moman sa a, [~23~]disip Li yo te vini. Yo te etone ke Li t ap pale avèk yon fanm, men pèsòn pa t mande l: “Kisa w ap chache” ni “Poukisa w ap pale avè L.”
28 Konsa fanm nan te kite po dlo a e te antre nan vil la. Konsa, li te di a tout moun: 29 “Vin wè yon nonm ki te di mwen tout bagay ke mwen fè. [~24~]Nou pa sipoze ke se Li menm ki Kris la?”
30 Yo te kite lavil la e t ap vin kote l.
31 Antre tan, disip yo t ap di L: [~25~]“Rabbi, manje.”
32 Men Li te di yo: “Mwen gen manje ke nou pa konnen.”
33 Pou sa [~26~]disip yo t ap di a youn lòt: “Èske ou kwè ke moun pote bay Li kèk bagay pou L manje?”
34 Jésus te di yo:
35
36
38
39 Anpil nan Samariten ki sòti nan [~31~]vil sa a te kwè nan Li, akoz pawòl yo ke fanm nan te bay kon temwayaj [~32~]“Li te di mwen tout bagay ke mwen fè”. 40 Lè Samariten yo te vin kote L, yo t ap mande Li pou rete avèk yo. Li te rete la pou de jou.
41 Anpil anplis te kwè nan Li akoz pawòl Li. 42 Yo t ap di a fanm nan: “Se pa ankò akoz sa ou te di yo ke nou kwè. Nou te tande pou kont nou e konnen ke Sila a se [~33~]Sovè a mond lan.”
43 Apre [~34~]de jou Li te kite la, pou ale nan Galilée. 44 Paske Jésus Li menm te bay temwayaj ke [~35~]yon pwofèt pa gen lonè nan pwòp peyi li. 45 Konsa, lè Li rive nan Galilée, Galileyen yo te resevwa Li, paske yo [~36~]te wè tout bagay ke Li te fè nan Jérusalem pandan fèt la, pwiske yo tout te ale nan fèt la.
46 Li te vini ankò nan vil [~37~]Cana nan Galilée, kote Li te fè dlo tounen diven an. Te genyen yon ofisye wayal la, epi fis li te malad nan Capernaüm. 47 Lè Li te tande ke Jésus [~38~]te sòti Judée pou L antre nan Galilée, li te ale kote L e te mande L pou desann avèk li pou geri fis li a, paske li te prèt pou mouri.
48 Pou sa, Jésus te di li:
49 Ofisye wayal la te di Li: “Mesye, vini avan pitit mwen an mouri.”
50 Jésus te di li: [~40~]
51 Pandan li t ap desann, esklav li yo te rankontre li pou di li ke pitit la te vivan.
52 Li te mande yo kilè pitit la te kòmanse refè, e yo te di li: “Ayè sou setyèm lè lafyèv la te kite li.”
53 Konsa papa li te konnen ke se te nan menm lè sa ke Jésus te di li: “Pitit ou a ap viv.” E li menm te kwè, epi [~41~]tout lakay li ansanm avèk li.
54 Sa se te ankò dezyèm sign ke Jésus te fè lè Li te [~42~]kite Judée pou L antre nan Galilée.
<- Jean 3Jean 5 ->