11
1 Epi Tsophar, Naamatit la, te reponn:
2 “Èske fòs kantite pawòl sa yo dwe pase san repons?
Eske yon nonm [~1~]pale anpil vin akite?
3 Èske se akoz ògèy ou ke moun ta dwe rete san pale?
Lè ou [~2~]moke, èske nanpwan moun ki pou fè ou wont?
4 Paske ou te di ‘Lenstriksyon pa m san fot,
e [~3~]mwen inosan nan zye ou.’
5 Men fòk Bondye ta pale e ouvri bouch Li kont ou,
6 pou montre ou sekrè a sajès!
Paske sajès ki bon [~4~]gen de bò.
Alò, konnen byen ke Bondye pa t egzije
tout sa inikite ou merite.
7 [~5~]“Èske ou kab dekouvri pwofondè a Bondye?
Èske ou kab twouve lizyè a Toupwisan an?
8 Yo [~6~]wo tankou syèl la; kisa ou kab fè?
Yo pi fon ke sejou lanmò yo, kisa ou kab konnen?
9 Mezi li pi long ke latè, e pi laj pase lanmè.
10 Si Li pase pa la, oswa fèmen la nèt, oswa konvoke yon asanble,
[~7~]kilès kap anpeche Li?
11 Paske [~8~]Li konnen moun ki fò,
e Li wè inikite menm san fè ankèt.
12 Yon moun ensanse va vin entèlijan
lè pòtre a yon [~9~]bourik mawon fèt kon yon moun.
13 “Si ou ta vle vin bon,
14 Si se inikite ki nan men ou, [~12~]mete l byen lwen.
Pa kite mechanste demere nan tant pa ou.
15 Konsa, anverite, ou ta kab [~13~]leve figi ou wo san tach.
Wi, ou va fidèl nèt e [~14~]pa oblije gen lakrent.
16 Konsa ou va [~15~]bliye twoub ou a.
Ou va sonje l tankou dlo ki fin pase.
Se konsa ou ta kab sonje li.
17 Lavi ou va [~16~]pi klè ke midi;
malgre gen fènwa a, lap tankou maten.
18 Ou va vin gen konfyans, akoz gen espwa.
Epi ou va gade toupatou e repoze ou an sekirite.
19 Ou va [~17~]kouche dòmi e okenn moun pa p deranje ou.
Wi, anpil moun va [~18~] mande favè ou.
20 Men [~19~]zye a mechan yo va gate,
e [~20~]p ap gen chape pou yo.