Languages

1 Konsa, Éliphaz, Temanit lan te reponn;

2 Si yon moun ta eseye pale yon mo avèk ou,
èske ou va pèdi pasyans?
Men se [~1~]kilès ki kab refize pale?
3 Gade byen, [~2~]ou te enstwi anpil lòt moun;
ou te ranfòse menm fèb yo.
4 Pawòl ou yo te ede fèb yo kanpe,
e ou te ranfòse jenou ki manke fòs yo.
5 Men koulye a, se sou ou sa rive,
e ou [~3~]pa gen pasyans.
Sa touche ou menm e ou vin dekouraje nèt.
6 Èske se pa [~4~]lakrent Bondye pa ou ki konfyans ou,
ak entegrite chemen ou yo ki espwa ou?
 
7 “Sonje byen [~5~]se kilès ki kon peri inosan?
Oswa ki kote ou wè moun ladwati yo te detwi?
8 Selon sa ke mwen menm te wè, [~6~]sila ki raboure inikite yo,
ak sila ki simen twoub yo, yo rekòlte li.
9 [~7~]Pa souf Bondye, yo peri,
e pa van chalè Li, yo fini nèt.
10 [~8~]Gwo vwa a lyon fewòs la,
vwa fewòs a lyon an,
e dan a jenn lyon yo fin kase.
11 [~9~]Pi gran lyon an peri paske li manke manje,
e pitit li yo vin gaye.
 
12 “Alò, an kachèt yon pawòl rive sou mwen;
zòrèy mwen te resevwa yon [~10~]ti souf li.
13 Pami [~11~]refleksyon enkyetan ki sòti nan vizyon lannwit yo,
lè dòmi pwofon tonbe sou moun,
14 laperèz te vini sou mwen.
Mwen te tranble e zo m yo te souke.
15 Konsa, yon lespri te pase kote figi mwen;
plim sou chè mwen te kanpe sou kò m.
16 Li te kanpe an plas, men mwen pa t kab distenge aparans li.
Yon fòm te devan zye m.
Te gen silans, epi mwen te tande yon vwa:
17 'Èske [~12~]lòm kapab jis devan Bondye?
Èske yon nonm kapab san tach devan Sila ki fè l la?
18 Menm nan sèvitè Li yo, [~13~]Li pa mete konfyans;
ak pwòp zanj Li yo, Li jwenn fot.
19 Konbyen anplis, pou sila ki rete nan kay fèt an ajil yo,
ki gen pousyè kon [~14~]fondasyon,
ki vin kraze devan papiyon!
20 [~15~]Antre maten ak aswè, yo vin kase an mòso;
san yo pa wè anyen, yo peri nèt.
21 Èske [~16~]kòd soutyen tant yo pa plwaye pa anndan?
Yo mouri konsa, san sajès.'

<- Job 3Job 5 ->