1 Epi Job te reponn:
2 [~1~]“O ke doulè m ta kab peze pou mete nan balans lan,
ansanm ak gwo dega ki vin sou mwen yo!
3 Paske li ta pi lou [~2~]pase sab lanmè yo.
Akoz sa a, pawòl mwen yo te tèlman san règ.
4 Paske [~3~]flèch Toupwisan an fin antre anndan m;
lespri m ap bwè pwazon.
Gwo laperèz de Bondye vin alinye kont mwen.
5 Èske [~4~]bourik mawon ranni sou zèb li,
oswa bèf rele sou manje li?
6 Èske bagay san gou kapab manje san sèl,
oswa èske pati blan nan zye poul a gen gou?
7 Nanm mwen [~5~]p ap touche yo.
Yo tankou manje abominab pou mwen.
8 “O ke sa m mande ta kab rive,
e ke Bondye ta ban m sa m anvi wè a!
9 Ke Bondye [~6~]ta dakò pou kraze m nèt,
ke Li ta lache men l pou retire mwen nèt!
10 Kite sa toujou kòm konsolasyon mwen;
wi, kite mwen rejwi nan doulè k ap kraze mwen,
pou m [~7~]pa t renye pawòl a Sila Ki Sen an.
11 Ki jan fòs mwen ye, pou m ta tan?
Epi kilès lafen mwen, ke m ta dwe sipòte?
12 Èske fòs mwen tankou wòch,
o èske chè m kon bwonz?
13 Èske se pa ke nanpwen [~8~]sekou anndan m,
ke tout sajès fin chase lwen mwen?
14 “Paske pou nonm ki pèdi tout espwa a,
li ta dwe twouve konpasyon nan zanmi li;
menm a li menm ki [~9~]kon pèdi lakrent Wo Pwisan an.
15 Frè m yo te aji ak [~10~]desepsyon kon yon ravin,
kon flèv ravin ki vin sèch;
16 ki vin sal tankou glas k ap fonn
kote lanèj kon kache.
17 Nan [~11~] nan sezon sèch, yo pa la;
lè li cho, yo disparèt sou plas yo.
18 Chemen a kous pa yo tòde tout kote;
yo monte rive vin anyen;
yo vin disparèt.
19 Karavàn [~12~]Théma yo te vin veye;
vwayajè Séba yo te gen espwa yo.
20 Yo [~13~]te desi paske yo te mete konfyans;
yo te vini la, e te etone.
21 Anverite, koulye a se konsa ou ye;
ou wè laperèz e ou vin pè.
22 Èske mwen te di ou: ‘Ban m yon bagay’?
Oswa m te fè yon demann anba tab pou retire nan richès ou?
23 Oswa ‘delivre m nan men advèsè a’?
Oswa ‘rachte mwen nan men opresè sila yo’?
24 “Enstwi mwen e [~14~]mwen va pe la!
Montre mwen kote mwen gen tò.
25 Kèl doulè pawòl onèt sa yo genyen!
Men kisa diskou ou a pwouve?
26 Èske ou gen entansyon repwoche pawòl mwen yo,
lè ou konnen se van ki mèt pawòl yo lè moun dekouraje nèt?
27 Konsa, ou ta menm [~15~]tire osò pou òfelen yo
e fè twòk pou zanmi ou.
28 Alò, souple, gade mwen e wè si se
[~16~]manti m ap fè nan figi ou.
29 Rete la, koulye a e pa kite enjistis fèt.
Retounen kote m! Jiska prezan, [~17~]ladwati mwen rete ladan an.
30 Èske gen enjistis sou lang mwen?