Languages

1 Konsa, Bildad Schuach la, te reponn:

2 “Pou konbyen de tan ou va pale bagay sa yo
pou [~1~]pawòl a bouch ou fè gwo van?
3 Èske [~2~]Bondye konn konwonpi jistis la?
Oswa èske Toupwisan an konwonpi sa ki dwat?
4 [~3~]Si fis ou yo te peche kont Li,
alò, Li livre yo antre nan pouvwa transgresyon yo.
5 Si ou ta [~4~]chache Bondye e mande
konpasyon a Toupwisan an,
6 si ou te san tach e dwat;
anverite, koulye a,
[~5~]Li ta leve Li menm pou ou e rekonpanse ou
jan ou te ye nan ladwati ou.
7 Malgre, kòmansman ou pa t remakab,
ou ta [~6~]fini avèk anpil gwo bagay.
 
8 “Souple, fè [~7~]rechèch nan jenerasyon zansèt ansyen yo,
e bay konsiderasyon a bagay ke papa yo te twouve.
9 Paske nou menm se sèl bagay ayè nou konnen,
e nou pa konnen anyen,
paske [~8~]jou pa nou yo sou latè
se sèl yon lonbraj ki pase.
10 Èske yo p ap enstwi ou, pale ou e
fè pawòl ki nan tèt yo vin parèt?
 
11 “Èske jon kab grandi san ma dlo?
Èske wozo konn pouse san dlo?
12 Pandan li toujou vèt e san koupe a,
l ap fennen avan tout lòt plant yo.
13 Se konsa chemen a [~9~]tout moun ki bliye Bondye yo.
Konsa espwa a moun enkwayan yo peri,
14 sila a ak konfyans frajil la
kap mete konfyans li nan [~10~] fil arenye a.
15 Arenye a mete konfyans sou [~11~]lakay li,
men li p ap kanpe.
Li kenbe rèd sou li, men li p ap dire.
16 Li [~12~]byen reyisi nan solèy la e
gaye toupatou nan jaden an.
17 Rasin li yo vlope toupatou sou pil wòch;
li sezi yon kay wòch.
18 Si li vin deplase sou [~13~]plas li,
alò plas li va refize rekonèt li e di:
“Mwen pa t janm wè w.
19 Gade byen, [~14~]se sa ki fè lajwa chemen li;
epi dèyè li, gen lòt yo k ap pete sòti nan pousyè tè la.
 
20 “Alò, [~15~]Bondye p ap rejte yon nonm entèg;
ni li p ap bay soutyen a malfektè yo.
21 Jiska prezan, Li va ranpli [~16~]bouch ou
avèk ri lajwa e lèv ou avèk kri plezi.
22 Sila ki rayi ou yo va vin [~17~]abiye ak wont
e tant a mechan yo p ap la ankò.”

<- Job 7Job 9 ->