12
1 Alò, SENYÈ a te pale avèk Moïse e te di: 2 “Pale avèk fis Israël yo e di: ‘Lè yon fanm ansent e vin fè yon pitit gason, alò, li va pa pwòp pandan sèt jou. [~1~]Tankou nan jou règ li yo, li va pa pwòp. 3 Nan [~2~]uityèm jou a, chè ti pijon pitit gason an va vin sikonsi. 4 Alò, manman li va rete nan pirifikasyon san li pandan trant-twa jou. Li pa pou touche okenn bagay ki konsakre, ni antre nan sanktyè a jiskaske jou pirifikasyon li yo fin akonpli. 5 Men si li pote yon pitit fi, li va pa pwòp pandan de semèn, tankou nan lè règ li; epi li va rete nan san pirifikasyon li an pandan swasann-si jou.
6 [~3~]“ ‘Lè jou pirifikasyon li yo fin akonpli, pou yon fis, oswa yon fi, li va pote a prèt la nan pòtay tant asanble a, yon jenn mouton sou laj en an kòm yon ofrann brile, ak yon jenn pijon oswa toutrèl kòm yon ofrann peche. 7 Alò, li menm, prèt la, li va ofri li devan SENYÈ a. Li va fè ekspiyasyon pou fi a, e li va netwaye de flo san li an.
“ ‘Sa se lalwa pou sila ki pote pitit yo, kit li mal, kit li femèl. 8 Men si li pa gen mwayen achte yon jenn mouton, alò, li va pote [~4~]de toutrèl, oswa de jenn pijon, youn pou ofrann brile a, e lòt la pou ofrann peche a. Konsa, [~5~]prèt la va fè ekspiyasyon pou li e li va vin pwòp.’ ”
<- Levitik 11Levitik 13 ->