1 Alò, apre sa, Senyè a te nonmen swasann-dis [~1~]lòt, e te voye yo [~2~]de pa de devan Li nan chak vil ak andwa kote Li menm te gen pou vini.
2 Li t ap di yo: [~3~]“Rekòlt la anpil, men ouvriye yo piti; pou sa, sipliye Senyè rekòlt la pou L voye ouvriye nan chan rekòlt Li a.
3“Ale![~4~]Veye byen, Mwen voye nou tankou jenn mouton nan mitan lou. 4[~5~]Pa pote bous, ni sak, ni soulye; epi pa salye pèsonn nan wout la.
5“ ‘Nan nenpòt kay ke nou antre, premyèman di Lapè retenan kay sa a’. 6Si yon nonm lapè a la, lapè nou va rete sou li, men si li pa la, li va retounen sou nou. 7Rete nan kay sa a. Manje e bwè sa ke yo mete devan nou; paske[~6~]ouvriye a dign de salè li. Pa kontinye pase de kay an kay.
8“Nan Nenpòt vil ke nou antre e yo resevwa nou, [~7~]manje sa yo mete devan nou. 9Geri sila yo ki malad nan li, e di yo: [~8~]Wayòm syèl la gen tan vin toupre nou”.
10“Men nan Nenpòt vil ke nou antre e yo pa resevwa nou, tou ale nan lari yo e di: 11[~9~]Menm pousyè vil nou an ki kole nan pye nou, nou siye li kont nou menm. Men konnen sa byen; ke wayòm syèl la gen tan vin toupre nou.”
12“Mwen di nou, [~10~]li va pi tolerab nan jou sa pou Sodome ke pou vil sa a.
13[~11~]“Malè a nou menm, Chorazin! Malè a nou menm, Bethsaïde! Paske si mirak ki te fèt nan nou yo te konn fèt nan Tyr avèk Sidon, yo t ap vin repanti lontan sa, e vin chita nan sann abiye ak twal sak.
14“Men li va pi tolerab ,pou[~12~]Tyr ak Sidon nan jijman an, pase pou nou menm.
15“Epi nou menm, [~13~]Capernaüm, nou p ap egzalte nan syèl la, men nou ap jete anba nan sejou mò yo.
16[~14~]“Sila ki koute nou an, koute Mwen; e sila ki rejte nou an, rejte Mwen. E sila ki rejte Mwen an, rejte Sila a ki voye Mwen an.”
17 Swasann-dis yo te retounen avèk jwa, e te di: “Senyè, menm [~15~]dyab yo soumèt a nou menm nan non Ou”.
18 Li te di yo: “Mwen t ap gade [~16~]Satan k ap tonbe soti nan syèl la tankou yon kout loraj. 19Veye byen, Mwen bannou otorite pou[~17~]mache sou sèpan avèk eskòpyon anba pye nou, sou tout pouvwa a lènmi an, e anyen p ap fè nou mal.
20“Malgre sa, pa rejwi nan sa, ke lespri yo soumèt a nou menm, men rejwi paske[~18~]non nou ekri nan syèl la.”
21[~19~]Nan menm moman an, Li te rejwi anpil nan Lespri Sen an, e te di: “Mwen louwe Ou, o Papa, Senyè a syèl la avèk tè a, Ke Ou kache bagay sa yo devan saj yo ak entèlijan yo pou revele yo a zanfan yo. Wi, Papa, paske konsa sa te fè plezi nan zye Ou.”
22[~20~]Tout bagay te remèt a Mwen menm pa Papa M, e[~21~]pèsòn pa konnen ki moun Fis la ye, sof ke Papa a, e ki moun Papa a ye, sof ke Fis la, ak Nenpòt moun ke Fis la revele L.
23[~22~]Li te vire vè disip yo Li te di an prive: “Beni se zye ki wè bagay ke nou gen tan wè a. 24Paske Mwen di nou, ke anpil nan pwofèt avèk wa yo te vle wè bagay ke nou wè yo, men yo pa t wè yo, ni tande bagay ke nou tande yo, e yo pa t tande yo.”
25[~23~]Epi vwala, yon sèten avoka te kanpe pou pase l a leprèv, t ap di: “Mèt, kisa pou m ta fè pou eritye lavi etènèl?”
26 Li te pale li: “Kisa ki ekri nan Lalwa a? Kijan ou li li?”
avèk tout kè ou, avèk tout nanm ou, avèk tout fòs ou,
e avèk tout panse ou, epi vwazen ou tankou tèt ou.”
28 Li te di li: “Ou reponn byen kòrèk;[~25~]Fè sa, e ou va viv.”
29 Men li te vle [~26~]jistifye tèt li. Li te di a Jésus, “E kilès ki vwazen mwen?”
30 Jésus te reponn e te di: “Yon sèten mesye t ap[~27~]desann sòti Jérusalem pou rive Jéricho. Li te tonbe pami vòlè yo. Yo te pran rad li, yo te bat li, e yo te kite l mwatye mouri.
31“Epi pa aza, yon sèten prèt t ap desann nan wout sa a, epi lè l te wè li, li te vin pase sou lòtbò wout la.
32“Menm jan an, yon Levit tou, lè l te rive kote a, e te wè li, li te vin pase sou lòtbò.
33“Men yon sèten[~28~]Samariten, ki t ap fè yon vwayaj, te rive sou li. Lè l te wè l, li te gen konpasyon. 34Li te vini a li menm, te mete lwil avèk diven sou blesi li yo, e te panse yo. Li te vin mete li sou pwòp bèt pa li, e te mennen li nan yon pansyon pou l pran swen li. 35Nan landemen, li te rale kòb de denye. Li te bay yo a mèt otèl la e te di l: ‘Pran swen li, epi nenpòt sa ke ou depanse, lè m tounen, mwen va remèt ou li.’
36“Kilès nan twa sa yo ou kwè ki te fè prèv ke se te yon bon vwazen a mesye ki te tonbe nan men vòlè yo?”
37 Li te reponn: “Sila ki te gen konpasyon pou li a.” Konsa Jésus te di l: “Ale fè menm bagay la”.
38 Pandan yo t ap vwayaje, Li te antre nan yon sèten vil; epi yon fanm yo rele [~29~] Marthe te resevwa Li lakay li.
39 Li te gen yon sè yo te rele [~30~]Marie, ki anplis t ap koute pawòl Senyè a, byen chita nan pye Li. 40 Men [~31~]Marthe te gen tèt chaje akoz tout sèvis lakay yo, li te pwoche e te di: “Senyè, èske sa pa fè Ou anyen ke sè m nan kite m ap fè tout sèvis la pou kont mwen? Alò, di l vin ede m.”
41 Men Senyè a te reponn li, e te di: “Marthe, Marthe, ou [~32~]enkyete e twouble pa anpil bagay;42[~33~]men se yon sèl bagay ki nesesè. Marie te chwazi sila ki bon an, e sa p ap retire soti nan men li.”