1 Li te rive ke pandan Li t ap priye nan yon sèten kote, lè L te fini, youn nan disip Li yo te di Li: Senyè, montre nou kijan pou nou priye, menm jan ke Jean osi te montre disip li yo.
Epi pa mennen nou nan tantasyon, men delivre nou de sila ki mechan an.’ ”
5 Answit, Li te di yo: “Sipoze ke youn nan nou ta gen yon zanmi, e nou ale kote li a minwi pou di li: ‘Zanmi, prete m twa mòso pen. 6Mwen gen yon zanmi ki vini, soti nan yon vwayaj, e mwen pa gen anyen pou mete devan l.’ 7Depi anndan, li va di: ‘Pa deranje m; pòt la fèmen deja. Pitit mwen yo avèk mwen menm deja nan kabann, e mwen pa kapab leve pou bay ou anyen.’ 8Mwen di nou, menm si li p ap leve bay li anyen paske li se zanmi li, men [~3~]akoz pèsistans li, l ap leve pou bay li kont sa li bezwen.
9“Donk Mwen di nou: [~4~]Mande, e nou va resevwa. Chache e nou va twouve. Frape, e l ap ouvri bannou. 10Paske tout moun ki mande, va resevwa. Sila a ki chache, va twouve. E a sila a ki frape, l ap ouvri.
11“Alò, sipoze ke youn nan papa nou yo resevwa yon demann de fis li pou yon pwason. Li p ap bay li yon koulèv olye de yon pwason. Se pa sa?12Oubyen si li mande li pou bay li yon ze, li p ap bay li yon eskòpyon. Se pa sa?13[~5~]Si nou menm ki mechan, alò, konnen kijan pou bay bon kado a pitit nou yo, konbyen anplis Papa nou nan syèl la va bay Lespri Sen an a sila yo ki mande Li?”
14[~6~]Answit, Li t ap chase yon dyab bèbè; lè dyab la te fin sòti, gason bèbè a te pale. E foul la te etone.
15 Men kèk nan yo te di: [~7~]“Li chase dyab yo pa [~8~]Béelzébul, mèt dyab yo.” 16 Gen Lòt yo, pou teste L, [~9~]t ap mande L yon sign ki sòti nan syèl la. 17[~10~]Men Li te konnen panse yo, e te di yo: “Nenpòt wayòm ki divize kont tèt li va detwi. E yon kay divize kont tèt li ap tonbe. 18[~11~]Si Satan osi divize kont tèt li, kijan wayòm li an va kanpe? Paske nou di ke Mwen chase dyab yo pa Béelzébul. 19Men si Mwen menm pa [~12~]Béelzébul chase dyab yo, pa kilès fis nou yo konn chase yo? Konsa, se yo menm k ap jij nou yo.20Men, si Mwen chase dyab yo ak [~13~]dwèt Bondye a, alò, [~14~]wayòm syèl la gen tan vini sou nou. 21Lè yon nonm fò, plen zam, veye pwòp kay li, byen li yo rete ansekirite.22Men lè yon moun avèk plis fòs ke li vin atake l, li bat li, li retire nan men li tout zam li yo, e vin divize piyaj la. 23[~15~]Sila ki pa avèk Mwen an, kont Mwen; e sila ki pa rasanble avè Mwen an, ap gaye. 24[~16~]Lè lespri enpi a kite yon nonm, li travèse kote ki sèch pou chache repo, e lè l pa twouve, li di: ‘Mwen va retounen lakay mwen kote m sòti a.’
25“Lè l vini, li touve l byen bale, e mete an lòd. 26Answit li sòti pou chache pran sèt lòt dyab pi mal pase li menm, e yo vin antre pou viv la. Konsa, dènye eta a nonm sa a pi mal pase premye a.”
27 Pandan Jésus t ap di bagay sa yo, youn nan fanm yo nan foul la te leve vwa li, e te di Li: [~17~]“Beni se vant ki te pote Ou a, e tete kote Ou te souse a.”
28 Men Li te di: “Okontrè, beni se[~18~]sila yo ki tande pawòl Bondye a, e ki swiv li.”
29 Pandan foul la t ap ogmante, Li te kòmanse di: [~19~]“Jenerasyon sila a se yon jenerasyon pèvès; l ap chache yon sign, men okenn sign p ap bay, sof ke sign a Jonas la. 30Paske menm jan ke[~20~]Jonas te vin yon sign pou Ninivit yo, menm jan an Fis a Lòm nan va ye pou jenerasyon sila a.
31[~21~]“Rèn Sid la va leve avèk lèzòm a jenerasyon sila a nan jijman, e kondane yo; akoz li menm te vini soti nan lekstremite tè a pou tande sajès a Salomon; epi veye byen, gen yon bagay pi gran pase Salomon isit la.
32“Lèzòm Niniv yo va kanpe avèk jenerasyon sila a nan jijman, e kondane li, paske[~22~]yo te repanti lè Jonas te preche; epi veye byen, gen yon bagay pi gran ke Jonas isit la.
33[~23~]“Pèsòn, lè l fin limen yon lanp pa mete li nan yon kote an kachèt, ni anba yon panyen, men sou yon chandelye, pou sila ki antre yo kapab wè limyè a.
34“Lanp a kò nou se zye nou. Lè zye nou klè, tout kò nou osi ranpli avèk limyè; men lè l pa bon, kò nou osi ranpli avèk tenèb.
35“Alò, veye ke limyè nan nou an pa tenèb.
36“Si donk, tout kò nou ranpli avèk limyè, san tenèb ladann, li va klere nèt, tankou lè lanp klere ou avèk reyon li.”
37 Alò, lè L fin pale, yon Farizyen te mande Li pou dine avè L. Li te antre e te repoze sou tab la. 38 Lè Farizyen an te wè sa, li te etone, paske Li pa t fè [~24~] devwa lave men L avan manje a.
39 Men Senyè a te di: [~25~]“Nou menm Farizyen yo netwaye tas la pa deyò, ansanm ak plato a; men anndan nou ranpli avèk vòl ak mechanste.40[~26~]Nou menm bann ensanse, èske Sila ki te fè deyò a, pa t fè anndan an tou?41Men [~27~]bay sa ki anndan an kòm charite, e konsa tout bagay ap [~28~]pwòp pou nou.
42“Men [~29~]malè a nou menm, Farizyen yo! Paske nou [~30~]peye ladim, mant, ak lari ak tout epis jaden an; malgre sa, nou neglije lajistis avèk lanmou Bondye. Men bagay sa yo nou te dwe fè, san neglije lòt yo. 43Malè a nou menm, Farizyen yo! Paske nou renmen [~31~]chèz a chèf nan sinagòg yo, ak salitasyon respè nan mache yo. 44Malè a nou menm! Paske nou tankou tonm kache, e moun mache sou yo san ke yo pa menm konnen.”
45 Youn nan [~32~]avoka yo te di L kòm repons: “Mèt, lè Ou di sa, W ap ensilte nou osi.”
46 Men Li te di: “Malè a nou menm, avoka yo osi! Paske [~33~]nou chaje kò a moun avèk chaj ki lou, pandan nou menm, nou p ap menm manyen chaj sa yo avèk youn nan dwèt nou.
47[~34~]“Malè a nou menm! Paske nou bati tonm a pwofèt yo, e se te zansèt nou yo ki te touye yo. 48Konsa, nou se temwen yo, e vin dakò avèk zak a zansèt nou yo; paske se te yo menm ki te touye yo, e se nou ki bati tonm yo.
49[~35~]“Pou rezon sa, sajès a Bondye te di: “Mwen va voye bay yo pwofèt ak apòt; kèk yo va touye, e kèk yo va pèsekite; 50jiskaske tout san a pwofèt yo ki te vèse[~36~]depi fondasyon mond lan kapab chaje kont jenerasyon sila a. 51Soti nan san Abel la, jis rive nan [~37~]san a Zacharie, ki te peri antre nan otèl la ak kay Bondye a. Wi, Mwen di nou, li va chaje kont jenerasyon sila a.
52“Malè a nou menm, avoka yo! Paske yo pran nan men nou kle konesans lan; nou pa t antre nou menm, e sila ki t ap antre ladann yo, nou te anpeche yo.”
53 Lè L te kite la, skrib yo avèk Farizyen yo te kòmanse vin move anpil, e kesyone Li byen pre sou anpil sijè. 54 Yo t ap fè konplo kont Li pou kenbe L nan yon pawòl ke Li ta petèt pale.