Languages
13
1 Alò, nan menm lè sa a, te gen kèk moun prezan ki te bay Li yon rapò sou Galileyen yo, ke [~1~]Pilate te mele san yo avèk sakrifis pa yo.

2 Jésus te reponn yo: [~2~]“Èske nou sipoze ke Galileyen sa yo te pi gwo pechè pase tout lòt Galileyen yo akoz yo te soufri sò sa a? 3 Mwen di nou: ‘Non’, men amwenske nou repanti, nou tout ap peri konsa. 4 Oubyen èske nou sipoze ke lè tou nan [~3~]Siloé a te tonbe sou diz-uit yo, e te touye yo, ke yo te koupab pase tout lòt moun ki t ap viv Jérusalem yo?

5 “Mwen di nou non, men amwenske nou repanti, nou tout va peri menm jan an.” 6 Li te kòmanse pale parabòl sila a: “Yon sèten mesye te gen yon [~4~]pye fig frans ki te plante nan chan li. Li te vini pou chache fwi sou li, e li pa t twouve anyen. 7 Konsa, li te di a jeran chan rezen yo: ‘Gade, depi twa lane m ap vini la pou chache fwi, sou pye sila a, san twouve anyen. [~5~] Koupe retire li nèt! Poukisa menm l ap okipe espas tè a?’ 8 Epi li te reponn e te di li: ‘Kite li nan plas li mesye, pou lane sila a toujou, jis lè ke m fouye tè otou de li pou mete angrè. 9 Si li pote fwi lane pwochèn, sa bon, men si sa pa fèt, koupe l jete.’ ”

10 Konsa, li t ap [~6~]enstwi nan youn nan sinagòg yo nan Saba a. 11 Epi vwala, te gen yon fanm ki t ap vèse san pandan diz-uit lane, e te gen yon [~7~]maladi ki te fèt pa yon move lespri, ki fè l koube doub, e li pa t kapab drese menm.

12 Lè Jésus te wè l, Li te rele li vini, e te di li: “Fanm, ou lib de enfimite ou a”. 13 Li te [~8~]poze men Li sou li; e imedyatman, li te drese dwat ankò, e te kòmanse bay lwanj a Bondye.

14 Men ofisye sinagòg la, byen move akoz Jésus te geri nan Saba a, te di foul la kòm repons: [~9~]“Gen sis jou pou travay kapab fèt; pou sa, vini pandan sa yo pou geri, men pa nan jou Saba a.”

15 Men Senyè a te reponn li: “Nou ipokrit, [~10~]èske nou chak nan Saba a pa demare bèf nou, oswa bourik li sou manjwa a pou l kab mennen l al bwè? 16 Alò, fanm sa a, [~11~]yon fi Abraham, jan li ye a, mare pa Satan pandan diz-uit ane byen long, èske li pa t dwe lage nan chèn sila a nan jou Saba a?”

17 Pandan ke Li t ap di sa a, tout advèsè Li yo te imilye, e [~12~]tout foul la te rejwi yo nan tout mèvèy ke Li t ap fè yo.

18 Konsa [~13~]Li t ap di: “A kisa wayòm Bondye a sanble, e a kilès Mwen kapab konpare li? 19 Se tankou yon grenn moutad ke yon mesye te ale jete nan pwòp jaden li. Li te grandi e li te vin tounen yon pyebwa, epi [~14~]zwazo anlè yo te vin fè nich nan branch li.”

20 Ankò Li te di: [~15~]“A kilès pou M ta konpare wayòm syèl la? 21 [~16~]Se tankou ledven ke yon fanm te pran e mete nan twa mezi farin jiskaske tout te vin leve.”

22 Li t ap pase de yon vil a yon lòt, pou bay enstriksyon pandan Li t ap [~17~]fè wout Li vè Jérusalem. 23 Epi yon moun te di Li: “Senyè, èske se sèlman kèk moun k ap sove?”

E Li te di yo: 24 [~18~]“Fè efò pou antre pa pòt etwat la; paske anpil, Mwen di nou, va eseye antre, e yo p ap kapab. 25 Depi mèt kay la leve e[~19~]fèmen pòt la, pandan n ap kanpe deyò pou di: ‘Senyè, ouvri pou nou’, alò, li va reponn, e va di nou: [~20~]‘Mwen pa konnen nou, ni kote nou sòti’.

26 “Alò, nou[~21~]va kòmanse di: ‘Nou te manje bwè nan prezans Ou, e Ou te enstwi nan lari nou yo.’

27 “Epi Li va di: ‘Mwen di nou, Mwen pa konnen kote nou sòti; [~22~]sòti sou Mwen, nou tout ki fè inikite.’ 28 Va gen kriye fò, ak manje dan[~23~]nan plas sa a lè nou wè Abraham, Isaac avèk Jacob ak tout pwofèt yo nan wayòm syèl la, men nou menm, k ap jete deyò. 29 Yo[~24~]va sòti nan lès, ak lwès, e nan nò avèk sid, epi yo va repoze sou tab la nan wayòm syèl la.

30 “Gade byen, gen[~25~]kèk moun ki dènye ki va vin premye, e kèk moun ki premye ki va vin dènye.”

31 Nan menm jou sa a, kèk Farizyen te pwoche, e te di L: “Ale kite isit la, paske [~26~]Hérode vle touye Ou.”

32 Li te reponn yo: “Ale di rena sa a ‘Gade, Mwen chase move lespri yo, e Mwen fè gerizon jodi a, ak demen; epi nan twazyèm jou a [~27~]bi m va fin acheve. 33 Malgre sa, Mwen oblije fè wout Mwen jodi a, demen ak jou apre a; paske li pa kapab fèt pou yon[~28~]pwofèt ta peri andeyò Jérusalem.’ ”

34 O Jérusalem, Jérusalem, vil[~29~]ki touye pwofèt yo e lapide sila ki te voye kote l yo! Kijan souvan Mwen te vle rasanble pitit nou yo ansanm tankou yon poul ranmase pitit li yo anba zèl li, men nou pa t fè sa!

35 “Gade, lakay nou rete nan men nou; epi Mwen di nou, nou p ap wè M ankò jiskaske nou di: [~30~]‘Beni se Sila a ki vini nan non Senyè a!’ ”

<- Luc 12Luc 14 ->