Languages

1 Alò nan kenzyèm ane pouvwa a Tibère César a, pandan [~1~]Ponce Pilate te Gouvènè Juda, [~2~]Hérode te tetrak (wa a zòn sila a), frè l Philippe te tetrak pou Liturée avèk Trachonite, e Lysanias te tetrark nan Abilène, 2 nan tan a Anne ak Caïphe kon wo prèt, [~3~]pawòl Bondye a te vini a Jean, fis Zacharie a, pandan l te nan dezè a.

3 Konsa, li te vini nan [~4~]tout distri ki te antoure Jourdain yo, e li t ap preche yon batèm repantans pou padon peche yo. 4 Jan sa ekri nan liv pawòl a Ésaïe yo, pwofèt la:

“Lavwa a yon moun[~5~] k ap kriye nan dezè a,
‘Prepare chemen SENYÈ a, Fè wout Li yo dwat,
5 [~6~] Chak vale va ranpli,
E tout gwo mòn ak ti kolin va vin bese.
Kwochi yo a va vin drese,
E move wout yo va vin swa.
6 [~7~] Tout chè va wè delivrans Bondye a.’ ”

7 Konsa, li te kòmanse pale avèk foul la ki te sòti avè l pou batèm nan: [~8~]“Nou menm, nich vipè! Kilès ki te avèti nou sove kite kòlè k ap vini an? 8 Pou sa, pote fwi ki an akò avèk repantans yo, e pa kòmanse di a nou menm: [~9~]‘Nou gen Abraham pou papa nou’, paske mwen di nou ke menm nan wòch sa yo, Bondye kapab fè leve pitit a Abraham yo. 9 Anverite, rach la deja poze sou rasin a bwa yo; konsa, chak [~10~]bwa ki pa donnen bon fwi va koupe e jete nan dife.”

10 Foul la ki t ap kesyone li, t ap di: [~11~]“Alò, kisa pou nou ta fè?”

11 Li te reponn yo, e te di: “Ke moun ki gen de tinik lan [~12~]pataje avèk sila ki pa genyen an; e ke sila ki gen manje a fè menm jan an.”

12 Anplis, [~13~]ajan kolektè kontribisyon yo te vini pou batize, e yo t ap mande l: “Mèt, kisa nou dwe fè?”

13 Li te di yo: “Pa kolekte plis ke yo mande nou pran.”

14 Konsa, kèk sòlda t ap mande li: “Epi kisa pou nou menm fè”?

Li te di yo: “Pa pran lajan sou okenn moun pa lafòs, ni [~14~]fè fo akizasyon kont pèsòn; rete satisfè avèk salè nou.”

15 Alò, pandan pèp la t ap antisipe, e t ap reflechi nan kè yo sou Jean, [~15~]pou konprann si se Kris la ke li te ye, 16 [~16~]Jean te reponn e te di yo tout: “Kanta mwen menm, mwen ap batize nou avèk dlo, men gen Youn k ap vini ki pi pwisan pase m; menm lasèt sandal Li, mwen pa dign pou demare. Li va batize nou avèk Lespri Sen an, e avèk dife. 17 Laye vannen an deja nan men L, pou netwaye glasi a nèt, e ranmase tout ble antre nan depo Li; men l ap brile pay yo avèk [~17~]dife ki pa kapab etenn.”

18 Konsa, avèk anpil lòt egzòtasyon tou, Li te preche bòn nouvèl la bay pèp la.

19 Men lè l te bay [~18~]Hérode, tetrak la tò akoz Hérodias, madanm a frè l la, e akoz tout mechanste ke Hérode te fè yo, 20 Hérode te ogmante peche l sou sa yo; li te vin [~19~]mete Jean nan prizon.

21 [~20~]Epi li te vin rive ke lè tout pèp la t ap batize, Jésus te batize tou; epi pandan Li t ap priye, syèl la te vin ouvri, 22 e Lespri Sen an te desann sou Li nan fòm tankou yon toutrèl; e yon vwa te sòti nan syèl la: [~21~] “Ou menm se Fis byeneme Mwen an; nan Ou menm, Mwen byen kontan.”

23 [~22~]Lè L te kòmanse ministè Li, Jésus Li menm te nan laj, anviwon trant ane, e selon kwayans moun yo, fis a Joseph, fis a Héli, 24 fis a Matthat, fis a Lévi, fis a Melchi, fis a Jannaï, fis a Joseph, 25 fis a Mattathias, fis a Amos, fis a Nahum, fis a Esli, fis a Naggaï, 26 fis a Maath, fis a Mattathias, fis a Sémeï, fis a Joseph, fis a Joda, 27 fis a Joanan, fis a Rhésa, [~23~]fis a Zorobabel, fis a Salathiel, fis a Néri, 28 fis a Melchi, fis a Addi, fis a Kosam, fis a Elmadam, fis a Er, 29 fis a Jésus, fis a Éliézer, fis a Jorim, fis a Matthat, fis a Lévi 30 fis a Siméon, fis a Juda, fis a Joseph, fis a Jonam, fis a Éliakim, 31 fis a Méléa, fis a Menna, fis a Mattatha, fis a Nathan, fis a David, 32 [~24~]fis a Isaï, fis a Jobed, fis a Booz, fis a Salmon, fis a Naason, 33 fis a Aminadab, fis a Admin, fis a Arni, fis a Esrom, fis a Pharès, fis a Juda 34 fis a Jacob, fis a Isaac [~25~]fis a Abraham, fis a Thara, fis a Nachor, 35 fis a Seruch, fis a Ragau, fis a Phalek, fis a Éber, fis a Sala, 36 fis a Kaínam, fis a Arphaxad, fis a Sem, [~26~]fis a Noé, fis a Lamech, 37 fis a Mathusala, fis a Énoch, fis a Jared, fis a Maléléel, fis a Kaïnan, 38 fis a Énos, fis a Seth, fis a Adam, fis a Bondye.

<- Luc 2Luc 4 ->