1 Lè Li te fin konplete tout diskou Li a nan tande a pèp la, [~1~]Li te ale Capernaüm. 2 Epi esklav a yon sèten santenye, ke li te renmen anpil, te malad e te prèt pou mouri. 3 Lè li te tande afè Jésus a, [~2~] chèf santenye a te voye kèk nan Jwif ansyen yo pou mande Li vin sove lavi a esklav li a. 4 Lè yo te rive kote Jésus, yo te sipliye L avèk tout kè yo, e te di: “Li merite pou Ou ta fè sa pou li. 5 Paske li renmen nasyon nou an, e se te li ki te bati sinagòg nou an.” 6 Jésus te pran wout la avèk yo. Lè Li te vin pa t lwen kay la, santenye a te voye zanmi yo pou di L: “Senyè, pa twouble Ou plis, paske mwen pa dign pou Ou ta antre menm anba twati kay mwen. 7 Pou rezon sa a, mwen pa t menm konsidere ke m te dign pou m te vin kote Ou, men sèlman di yon mo e sèvitè mwen an va geri. 8 Paske mwen tou se yon moun plase anba otorite, avèk sòlda yo anba m. Mwen di a sila a: ‘Ale’, e li ale, e a yon lòt ‘Vini’, e li vini; e a esklav mwen ‘Fè sa’, e li tou fè l.”
9 Alò, lè Jésus te tande sa, Li te etone de li. Li te vire di foul ki t ap swiv Li a:
11 Pa anpil tan apre sa, Li te ale nan yon vil yo rele Naïn. Disip Li yo t ap ale avè l akonpanye pa yon gwo foul moun. 12 Pandan Li t ap pwoche pòtay lavil la, gade, yo t ap pote yon nonm mouri. Li te sèl fis a manman l ki te yon vèv. Yon foul konsiderab te avè l. 13 Lè [~4~]Senyè a te wè l, li te gen konpasyon pou li, e te di li:
16 [~5~]Lakrent te sezi yo tout, yo t ap bay glwa a Bondye, e te di: “Yon gran pwofèt gen tan leve pami nou!” E “Bondye vizite pèp Li a”! 17 Rapò sila a konsènan Li te gaye toupatou nan Juda ak tout landwa nan distri yo.
18 [~6~]Disip a Jean yo te bay li rapò konsènan tout bagay sa yo. 19 Konsa, li te rele de nan disip li yo, e te voye yo kote [~7~]Senyè a pou mande: “Èske Ou se Sila k ap vini an, oubyen èske n ap tann yon lòt?” 20 Lè mesye yo te rive a Li menm, yo te di: “Jean-Baptiste voye nou kote Ou menm pou mande ‘Èske Ou se Sila k ap vini an, oubyen èske n ap tann yon lòt?’ ”
21 Nan menm lè sa a, Li te [~8~]geri anpil moun avèk maladi, [~9~]afliksyon, ak move lespri; epi Li te bay vizyon a anpil moun ki te avèg. 22 Li te reponn e te di yo:
24 Lè mesaje a Jean yo te sòti, Li te kòmanse pale a foul la sou Jean:
27
28
29 Lè tout pèp la avèk kolektè kontribisyon yo te tande sa, yo te rekonèt jistis Bondye; [~13~]akoz yo te batize avèk batèm Jean an. 30 Men Farizyen yo avèk [~14~]avoka yo te rejte volonte a Bondye pou yo menm, akoz ke yo pa t batize avèk batèm a Jean an.
31
36 Alò, youn nan Farizyen yo t ap mande L pou dine avèk li. Konsa, Li te antre lakay Farizyen an, e te rete sou tab la. 37 [~17~]E te gen yon fanm nan vil la ki te yon pechè. Lè l vin konprann ke Li te sou tab lakay Farizyen an, li te pote yon bokal blan plen avèk pafen albat. 38 Li te kanpe dèyè Li, kote pye Li. Pandan l ap kriye, li te kòmanse mouye pye Li avèk dlo ki sòti nan zye li, epi siye yo avèk cheve li. Li te kontinye siye yo avèk cheve tèt li e bese nan pye Li, pou onksyone yo avèk pafen an. 39 Alò, lè Farizyen ki te envite Li a te wè sa, li te di a pwòp tèt li: “Si mesye sa a te [~18~]yon pwofèt, Li t ap konnen ki kalite moun fanm sa a ye k ap touche Li a, ke li se yon pechè.”
40 Jésus te reponn li:
41
43 Simon te reponn e te di: “Mwen sipoze ke se sila ke li te padone plis la.”
44 Lè Li vire vè fanm nan, Li te di Simon:
47
48 Answit Li te di li: [~24~]
49 Sila ki te sou tab avèk Li yo te kòmanse di a yo menm: [~25~]“Ki moun sa ye ki menm padone peche?”
50 Epi Li te di a fanm nan: