1 [~1~]Li te rele douz yo ansanm, e te bay yo pouvwa avèk otorite sou tout dyab, e pou geri maladi. 2 Li te voye yo ale pou [~2~]pwoklame wayòm Bondye a, e pou geri maladi.
3 Konsa, Li te di yo: [~3~]
6 Pandan yo t ap kite la, yo te kòmanse ale pami bouk yo, ap [~5~]preche levanjil la, e te fè gerizon toupatou.
7 [~6~]Alò, Hérode, tetrak la te tande tout sa ki t ap fèt yo; e li te gravman twouble, paske kèk moun te di ke se te Jean ki te leve soti nan lanmò.
8 Selon kèk [~7~]lòt Élie te vin parèt, oswa youn nan ansyen pwofèt yo te leve ankò.
9 Hérode te di: “Mwen menm te fè yo koupe tèt a Jean, men kilès nonm sa a ye, ke m tande tout koze sa yo?” [~8~]Li te kontinye ap eseye pou l ta kab wè L.
10 Lè apòt yo te retounen, yo te bay Li yon istwa de tout sa ki te rive a.
11 Men foul la te konnen sa. Yo te swiv Li, e Li te resevwa yo avèk kè ouvè.
12 Alò jou a te kòmanse ap avanse, e douz yo te vin di Li: “Voye foul la ale pou yo kapab ale nan vilaj yo oswa andeyò pou yo twouve lojman. Konsa, yo ka jwenn yon bagay pou yo manje, paske nou isit la nan yon kote ki izole.”
13 Men Li te di yo:
15 Yo te fè sa, e te fè tout moun chita.
16 Answit, Li te pran senk pen avèk de pwason yo; Li te gade vè syèl la, e Li te beni yo. Li te kase yo, e te kontinye lonje bay disip yo pou mete devan foul la.
17 Yo tout te manje, e te satisfè. E mòso tou kase ke yo te ranmase yo te fè douz [~11~]panyen byen ranpli.
18 [~12~]Li te vin rive ke pandan Li t ap priye sèl, disip yo te avè l, e Li te poze yon kesyon. Li te mande:
19 Yo te reponn Li e te di: “Jean-Baptiste, oswa Eli; men lòt yo, youn nan ansyen pwofèt yo ki leve ankò.”
20 Li te mande yo:
21 Men Li te [~14~]avèti yo avèk severite pou yo pa pale sa a pèsonn.
22 [~15~]Konsa Li te di:
23 Li t ap di a yo tout: [~16~]
25
26 [~19~]
27
28 Anviwon uit jou aprè pawòl sa yo, [~21~]Li te pran Pierre avèk Jean, avèk Jacques, e te monte nan mòn nan pou priye.
29 Pandan Li t ap [~22~]priye, aspè figi Li te vin chanje, e vètman Li te vin klere kon blan briyan. 30 Epi gade, de zòm t ap pale avèk Li; se te Moïse avèk Elie, 31 ki te vin parèt nan glwa, e t ap pale sou afè [~23~]depa Li, ke Li te prèt pou acheve nan Jérusalem.
32 Alò, Pierre avèk lòt parèy li yo te vin [~24~]tonbe nan dòmi; men lè zye pa yo te vin ouvri nèt, yo te wè glwa Li ak de zòm yo ki te kanpe avè L. 33 Konsa, Li te vin rive ke pandan sila yo t ap kite Li, Pierre te di a Jésus: “Mèt, se bon pou nou isit la. [~25~]Annou fè twa tabènak; youn pou Ou, youn pou Moïse, e youn pou Elie,” san li menm pa t konprann sa li t ap di a.
34 Pandan li t ap di sa, yon nyaj te fòme e te pase yon lonbraj sou yo; epi yo te krent lè yo te antre nan lonbraj la.
35 Answit yon vwa te sòti nan lonbraj la, e t ap di: [~26~]“Sa se fis byeneme Mwen an; koute Li!”
36 Lè vwa a te pale, Jésus te twouve li sèl. Yo te [~27~]rete an silans, e pa t di pèsonn sa ki te rive nan jou sa yo.
37 [~28~]Nan jou swivan an, lè yo te desann sòti nan mòn nan, yon gwo foul te rankontre Li. 38 Konsa yon mesye nan foul la te rele fò: “Mèt, mwen sipliye ou pou gade wè fis mwen an, paske se li sèl gason ke m genyen. 39 Yon lespri konn sezi li. Li rele fò, lespri a jete li nan gwo kriz ki fè bouch li kimen, e pandan lespri a ap kite li, li kontinye maspinen l nèt jiskaske li ale. 40 Mwen te sipliye disip ou yo pou chase l, men yo pa t kapab.”
41 Jésus te reponn:
42 Pandan Li t ap pwoche, dyab la te voye l atè, e te jete l nan yon gwo kriz. Men Jésus te repwòche lespri enpi a; Li te geri gason an, e te remèt li bay papa l.
43 Yo tout te etone akoz grandè Bondye.
45 Men [~31~]yo pa t konprann pawòl sila a, e sans li te kache a yo menm pou yo pa t kab konprann li. Yo te pè kesyone L sou pawòl sa a.
46 [~32~]Konsa, yon gwo diskisyon te leve pami yo sou kilès nan yo ki ta pi gran.
47 Men Jésus, byen [~33~]okouran a sa yo t ap panse nan kè yo a, te pran yon timoun e te mete li kanpe akote Li. 48 Li te di yo: [~34~]
49 [~35~]Jean te reponn, e te di: “Mèt, nou te wè yon moun ki t ap chase dyab nan non Ou, e nou te eseye anpeche li akoz ke li p ap swiv ak nou.”
50 Men Jésus te di l:
51 Lè jou yo t ap pwoche pou L te leve, li te pran desizyon nèt [~37~]pou ale Jérusalem. 52 Li te voye mesaje yo devan Li. Konsa, yo te ale antre nan yon vil a [~38~]Samariten yo, pou fè aranjman pou li.
53 Men yo pa t resevwa Li [~39~]akoz ke Li t ap vwayaje ak figi Li fikse vè Jérusalem.
54 Lè Jacques avèk Jean te wè sa, yo te di: “Senyè, èske Ou ta vle nou [~40~]kòmande dife sòti nan syèl la pou devore yo?”
55 Men Li te vire e te reprimande yo:
57 Pandan yo t ap prale akote wout la, [~41~]yon moun te di Li: “Mwen va swiv Ou Nenpòt kote Ou ale.”
58 Jésus te di Li:
59 Konsa, Li te di a yon lòt: [~43~]
60 Men Li te di li:
61 Yon lòt osi te di: “Mwen va swiv Ou Senyè; men [~45~]kite m dabò di orevwa a moun lakay mwen.”
62 Men Jésus te di li: [~46~]