1 [~1~]Apre sa, Lespri Sen an te mennen Jésus nan savann nan pou L ta kapab tante pa Satan. 2 Lè Li te fin fè jèn [~2~]karant jou avèk karant nwit lan, Li te grangou. 3 [~3~]Konsa, Tantatè a te parèt e te di Li: “Si Ou se [~4~]Fis Bondye a, kòmande wòch sa yo vin pen.”
4 Men Li te reponn li e te di l:
5 Apre sa, Satan te mennen Li antre nan [~6~]vil Sen (Jérusalem nan), e Li te kanpe sou pi wo pwent tanp lan. 6 Epi li te di Li: “Si Ou menm se Fis Bondye a, jete kò Ou anba, paske sa ekri:
7 Jésus te di l:
8 [~8~]Ankò Dyab la te mennen Li nan yon mòn wo e te montre Li tout wayòm nan mond lan, avèk tout glwa yo. 9 Li te di Li: [~9~]“Tout bagay sa yo, mwen va bay Ou yo si Ou pwostène pou adore mwen.”
10 Konsa, Jésus te di li:
11 Konsa, dyab la te kite Li e lapoula, [~11~]zanj yo te vini sèvi Li.
12 Alò lè Jésus te tande ke [~12~]Jean te arete, Li te retire kò li pou L antre Galilée. 13 Lè Li kite Nazareth, Li te vin [~13~]rete Capernanüm, toupre lanmè a, nan zòn Zabulon avèk Nephtali. 14 Sa te fèt pou akonpli sa ke pwofèt Esaïe te pale lè li te di:
17 [~16~]Depi lè sa a, Jésus te kòmanse preche. Li te di:
18 [~17~]Alò pandan Jésus t ap mache sou kote lanmè Galilée a, Li te wè de frè yo, Simon, ke yo rele Pierre, ak André, frè li. Yo t ap voye yon filè nan lanmè a, paske se moun lapèch yo te ye. 19 Li te di yo:
20 Lapoula, yo te kite filè yo pou yo te swiv Li.
21 Lè Li te vin ale pi lwen, Li te wè de lòt frè, [~18~]Jacques fis a Zébédé avèk Jean, frè li. Yo te nan kannòt la avèk Zébédé, papa yo. Yo t ap repare filè yo. Li te rele yo.
22 Imedyatman, yo te kite kannòt la avèk papa yo pou yo te swiv Li.
23 Jésus t ap prale toupatou nan tout Galilée. Li t ap [~19~]enstwi nan sinagòg yo pou pwoklame bòn nouvèl wayòm nan, e Li t ap fè gerizon tout kalite maladi pami pèp la.
24 Nouvèl Li te gaye [~20~]toupatou nan peyi Syrie. Yo te pote bay Li tout sila ki te gen maladi avèk tout kalite doulè yo, sila ki te gen move lespri yo, sila ki te fè gwo kriz, ki te vin paralize yo, e Li te geri yo.
25 Gran foul la te swiv Li [~21~]soti Galilée, Decapolis, Jérusalem avèk Judée e rive jis lòtbò Jourdain an.
<- Matthïeu 3Matthïeu 5 ->