5 Li te resevwa yon bouch pou [~7~]pale pawòl ki awogan yo avèk blasfèm, e li te resevwa otorite pou aji pandan karant-de mwa. 6 Li te ouvri bouch li ak blasfèm yo kont Bondye, pou blasfeme non Li ak tabènak Li a, ak [~8~]sila ki rete nan syèl yo. 7 Pouvwa a te osi bay a li menm pou [~9~]fè lagè avèk sen yo e pou venk yo. Epi otorite sou chak tribi, pèp, lang, ak nasyon, te vin bay a li menm.
8 Tout moun ki viv sou tè a va adore l, tout moun ke non yo pa ekri [~10~]depi nan fondasyon mond lan, nan liv lavi a Jèn Mouton ki te touye a.
9 [~11~]Si yon moun gen yon zorèy, kite l tande. 10 [~12~]Si yon moun gen pou ale an kaptivite, an kaptivite li prale. Si yon moun dwe touye avèk nepe, avèk nepe, li va touye. Se konsa ak lafwa ak pèseverans a sen yo.
11 [~13~]Answit, mwen te wè yon lòt bèt ki t ap vin sòti sou tè a. Li te gen de kòn tankou yon jenn mouton e li te pale tankou yon dragon.
12 Li egzèse tout otorite a premye bèt la [~14~]nan prezans li. Epi li fè tè a avèk sila ki rete ladann yo adore premye bèt, ki te gen blese fatal ki te geri a. 13 Li [~15~] fè gwo sign, jis pou fè [~16~]dife sòti nan syèl la rive sou tè a devan prezans a moun yo. 14 E li twonpe sila ki viv sou latè yo, akoz [~17~]gwo sign ki te bay a li menm pou fè nan prezans a bèt la. Li pale ak sila ki viv sou latè yo pou yo fè yon imaj a bèt ki te gen [~18~]blese nepe a, e ki te viv.
15 Konsa, pouvwa a te bay a li menm pou bay souf a imaj bèt la, pou imaj a bèt la ta kapab menm pale e fè [~19~]tout sila ki pa adore bèt la touye. 16 Konsa, li koze tout moun, [~20~]piti kon gran, rich kon malere, moun lib kon esklav, vin resevwa yon mak sou men dwat oswa sou fon yo, 17 pou pèsòn pa kapab ni achte ni vann, eksepte sila ki pote mak la, ki se [~21~] non a bèt la oswa [~22~]chif non li an.
18 [~23~]Men sajès. Kite sila ki gen bon konprann nan, kalkile chif a bèt la, paske chif la se sa ki pou yon moun. E chif li a se sis-san-swasann-sis.
<- Revelasyon 12Revelasyon 14 ->